Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 18:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 paske yo pa t obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye pa yo a, men yo te transgrese akò pa Li a, menm tout sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande yo. Yo pa t koute yo, ni fè yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Lavil Samari te tonbe paske moun pèp Izrayèl yo pat obeyi Senyè a, Bondye yo a. Yo pat respekte kontra li te pase ak yo a. Yo pat fè tou sa Moyiz, sèvitè Senyè a, te mande yo fè. Yo pat koute l.

参见章节 复制




2 Wa 18:12
29 交叉引用  

Men si ou menm, oswa fis ou yo, anverite, vire kite Mwen e pa kenbe kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen ke M te mete devan nou yo; epi ale sèvi lòt dye pou adore yo,


Epi mwen p ap fè pye Israël mache egare ankò deyò peyi ke m te bay a zansèt yo a, si sèlman, yo va obsève pou fè selon tout sa ke M te kòmande yo, selon tout lalwa ke sèvitè Mwen an, Moïse te kòmande yo.”


Yo te refize koute e yo pa t sonje mèvèy ke Ou te fè pami yo. Konsa, yo te vin tèt di, e te chwazi yon chèf ki pou mennen yo retounen an esklavaj yo an Egypte. Men Ou se yon Bondye ki padone, plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous. Ou pa t abandone yo.


Yo te vin fou nèt nan rebelyon yo e akoz inikite yo, yo te aflije.


Yo pa t kenbe akò yo ak Bondye e te refize mache nan lalwa Li.


Akoz sa, Mwen te lage yo a kè di yo, pou mache nan pwòp manèv yo.


Si nou vin dakò e obeyi, nou va manje pi bon bagay ki gen nan peyi a;


Konsa, lè Mwen te wè tout enfidelite ak pwostitiye li yo, Mwen te voye li ale, e Mwen te fè yon dekrè pou divòse ak li. Men sè trèt li a, Juda, pa t gen lakrent, men li te ale fè pwostitiye tou.


Men sa ke M te kòmande yo e Mwen te di: ‘Obeyi vwa M, e Mwen va Bondye nou e nou va pèp Mwen. Mache nan tout vwa ke M kòmande nou yo, pou tout bagay ale byen ak nou.’


Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, paske nou pa t mache nan règleman Mwen yo. Ni nou pa t swiv lalwa Mwen yo, men nou te aji selon lalwa a nasyon sila ki antoure nou yo.”’”


nou te peche; nou te komèt inikite. Nou te aji ak mechanste e nou te fè rebèl, jiskaske nou vire kite kòmandman Ou yo ak règleman Ou yo.


Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Israël yo, menm kat, Mwen p ap retire pinisyon an; akoz yo te vann sila ki dwat yo pou lajan, e malere yo pou achte de grenn sapat.


Konsa, yo va kriye fò a SENYÈ a, men Li p ap reponn yo. Olye de sa, nan lè sa a, Li va kache figi li a yo menm, akoz yo te pratike zak ki mechan.”


Se pa konsa avèk sèvitè Mwen, Moïse. Li fidèl nan tout kay Mwen;


epi malediksyon an si nou pa koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, men vire akote chemen ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou swiv lòt dye ke nou pa t konnen yo.


SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, ou prèt pou kouche avèk zansèt ou yo. Konsa, pèp sa a va fè jwèt pwostitiye ak dye etranje yo nan peyi kote y ap prale a, pou abandone Mwen, epi va kraze akò Mwen ke Mwen te fè avèk yo a.


Alò, kòlè Mwen va vin limen kont yo nan jou sa a, Mwen va abandone yo e kache figi Mwen a yo menm. Yo va detwi e anpil malè va rive sou yo, jiskaske yo va di nan jou sa a: ‘Èske se pa paske Bondye nou an pa pami nou ke malè sa yo vin rive sou nou?’


Konsa, Moïse, sèvitè Bondye a, te mouri la nan peyi Moab, selon pawòl a SENYÈ a.


Jan nasyon ke SENYÈ a ap fè peri devan nou yo, konsa nou va peri, akoz ke nou pa t koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an.”


Konsa L a bay chatiman a sila ki pa konnen Bondye yo, e a sila ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou a.


Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis,


Alò, li te vin rive ke apre lanmò Moïse, sèvitè SENYÈ a, ke SENYÈ a te pale avèk Josué, fis a Nun nan, sèvitè Moïse la. Li te di:


Epi: “yon wòch pou fè moun bite e yon wòch ofans.” Yo bite konsa akoz yo dezobeyisan a pawòl la, e se pou move desten sila a, yo te deziye.


Paske li lè pou jijman kòmanse avèk manm lakay Bondye yo. E si li kòmanse avèk nou an premye, kisa ki va rive a sila ki pa obeyi a levanjil a Bondye a?


跟着我们:

广告


广告