38 Akò ke m te fè avèk nou an, nou p ap bliye li, ni nou p ap gen lakrent lòt dye yo.
38 Piga nou bliye kontra mwen te pase ak nou an. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo.
Men SENYÈ a, Bondye nou an, nou va krent Li. Epi Li va delivre nou soti nan men a tout lènmi pa nou yo.”
Pou sa, veye nou, pou nou pa bliye akò a SENYÈ a, ke Li te fè avèk nou, e fè pou nou menm yon imaj taye nan okenn fòm kont sila SENYÈ Bondye nou an, te kòmande nou an.
alò, veye nou menm, pou nou pa bliye SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.
Mwen te di nou: “Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou gen krent dye Amoreyen yo nan peyi kote nou rete a.” Men nou pa t koute vwa M.’”