epi la, yo te brile lansan sou tout wo plas yo jis jan nasyon ke SENYÈ a te pote fè ale an egzil yo te konn fè avan yo. Yo te fè bagay mal ki te pwovoke SENYÈ a.
Lè Mwen te mennen yo nan peyi ke M te sèmante pou bay yo a, yo te vin wè tout kolin wo ak tout bwa ki plen fèy yo. La, yo te ofri sakrifis yo, e la, yo te prezante ofrann ki te fè M fache nèt. La, yo te fè monte odè santi bon, e la, yo te vide ofrann bwason yo.
“Nou pa pou fè pou nou menm zidòl, ni nou pa pou mete an plas pou nou menm yon imaj, oswa yon pilye sakre. Ni nou pa pou plase yon wòch taye nan okenn fòm pou bese devan li; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
Ke nou pa asosye avèk nasyon sila yo, sila ki toujou rete pami nou yo, ni nonmen non a dye pa yo, ni fè pèsòn sèmante pa yo, ni sèvi yo, ni bese devan yo.