Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 16:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Konsa, Achaz te dòmi avèk zansèt pa li yo, e li te antere avèk zansèt pa li yo nan lavil David la. Fis li, Ézéchias, te renye nan plas li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Lè wa Akaz mouri, yo antere l menm kote ak zansèt li yo nan Lavil David. Se Ezekyas, pitit li, ki moute wa nan plas li.

参见章节 复制




2 Wa 16:20
13 交叉引用  

Konsa, David te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere nan lavil David la.


Alò, li te vin rive nan twazyèm ane Osée, fis a Éla a, wa Israël la ke Ézéchias, fis Achaz la, wa Juda a, te devni wa a.


Konsa, Manassé te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere nan jaden lakay li, nan jaden Uzza a. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.


Li te antere nan tonm pa li nan jaden Uzza a e Josias, fis li a, te devni Wa nan plas li.


Konsa, Joram te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan vil David la. Epi Achazia te devni wa nan plas li.


Achaz, fis pa li a; Ézéchias, fis pa li a; Manassé, fis pa li a;


Alò, tout lòt zèv avèk chemen li yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men gade byen, yo ekri nan Liv A Wa A Juda yo Avèk Israël yo.


Konsa, Achaz te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan vil Jérusalem nan; paske yo pa t mennen li antre nan tonm a wa Israël yo. Epi Ézéchias, fis li a, te renye nan plas li.


Vizyon Ésaïe a, fis Amots la, konsènan Juda avèk Jérusalem, ke li te wè pandan tan pouvwa a Ozias, Jotham, Achaz ak Ézéchias, wa Juda yo.


Nan ane Wa Achaz te mouri an, Pwofesi sa a te fèt:


Pawòl SENYÈ a ki te vini a Osée, fis a Béeri a, pandan jou Ozias yo, Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa a Juda a, e nan tan Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la.


Pawòl SENYÈ a ki te adrese a Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan.


Pou Ozias te fèt Jotham; e a Jotham, Achaz; a Achaz, Ézéchias;


跟着我们:

广告


广告