Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 16:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Epi Wa Achaz te kòmande Urie, prèt la, e li te di: “Sou gran lotèl la, brile ofrann brile maten an ak ofrann sereyal aswè a; epi ofrann brile wa a avèk ofrann sereyal pa li a, avèk ofrann brile a tout pèp peyi a avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason yo; epi flite sou li tout san a ofrann brile a e tout san a sakrifis la. Men lotèl bwonz lan va sèlman pou mwen pou m kab mande konsèy ladann.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Epi Akaz bay Ouri lòd sa a: — Se sou gwo lotèl mwen an pou ou fè ofrann bèt yo boule nèt chak maten an ansanm ak ofrann grenn jaden chak aswè a. Se sou li pou ou fè ofrann bèt pou boule nèt ak ofrann grenn jaden pou wa a ak pou tout pèp la. Se sou li w'a ofri san bèt y'a touye yo ak diven ofrann yo. Se sou li w'a vide san tout bèt yo ofri pou boule nèt ak bèt y'a ofri bay Bondye. Pou lotèl an kwiv la menm, kite sa sou kont mwen.

参见章节 复制




2 Wa 16:15
25 交叉引用  

Èske tas sa a se pa sila ke mèt mwen an bwè ladann, e sèvi pou divinasyon an? Nou te fè mal lè nou te fè sa.’”


Wa a te konn ale Gabaon pou fè sakrifis la, paske se la ke wo plas prensipal la te ye. Salomon te ofri mil ofrann brile sou lotèl sila a.


Alò, li te fè fòm lanmè fonde an metal dis koude soti nan yon bò a yon lòt, an fòm tou won e wotè li se te senk koude ak trant koude ki pou antoure l.


Nan menm jou sa a, wa a te konsakre lakou mitan ki te devan kay SENYÈ a, akoz se la li te ofri ofrann brile avèk ofrann sereyal yo, e grès a ofrann lapè yo. Paske lotèl bwonz ki te devan SENYÈ a te twò piti pou kenbe ofrann brile avèk ofrann sereyal yo, avèk grès a ofrann lapè yo.


Lotèl bwonz lan, ki te devan SENYÈ a, li te mennen soti devan kay la, soti nan antre lotèl pa li a, lakay Senyè a e li te mete li sou kote nò lotèl pa li a.


Pou sa, Urie, prèt la, te fè tout bagay selon sa ke Wa Achaz te kòmande a.”


Li te retire wo plas yo, li te kraze pilye sakre yo, e li te koupe desann Astarté la. Anplis, li te kraze an mòso sèpan an bwonz ke Moïse te fè a, paske jis rive nan jou sa yo, fis Israël yo te konn brile lansan pou li; epi li te rele Nehuschtan.


Li te vin rive nan maten vè lè pou ofri sakrifis la, ke vwala, dlo te sòti vè direksyon Édom e peyi a te vin ranpli avèk dlo.


Kantite a ofrann brile ke asanble a te pote yo te swasann-dis towo, san belye ak de-san jèn mouton. Tout sila yo te pou fè yon ofrann brile a SENYÈ a.


Te gen osi anpil ofrann brile avèk grès a ofrann lapè yo, avèk ofrann bwason pou ofrann brile yo. Konsa, sèvis lakay SENYÈ a te vin etabli ankò.


Anplis, li te fè fis li yo pase nan dife nan vale Ben-Hinnom, epi li te pratike vye maji, divinasyon, fè wanga e li te fè angajman avèk sila ki pale ak mò yo ak divinò yo. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè.


Paske ou te abandone pèp Ou a, lakay Jacob, akoz yo plen ak jan de panse yo ki sòti nan lès; akoz yo vin pwofèt ki swiv Filisten yo, k ap antann yo ak pitit a etranje yo.


“Sòlda li yo va pwofane sanktyè a, fò a menm, e fè sakrifis nòmal la vin sispann. Konsa, yo va fè monte abominasyon dezolasyon an.


“Soti nan lè ke sakrifis nòmal la te vin aboli a abominasyon ak dezolasyon vin monte a, va genyen mil-de-san-katreven-dis (1,290) jou.


pandan mwen te toujou ap pale nan lapriyè a— alò, nonm nan Gabriel, ke m te wè nan vizyon oparavan an, te vole rive byen vit kote mwen, e te touche mwen vè lè pou ofrann nan aswè a.


Li va fè yon akò ki byen fò avèk anpil moun pandan yon semèn. Men nan mitan semèn nan, li va fè sispann sakrifis ak ofrann sereyal yo. Epi sou zèl abominasyon yo, va vini yon moun ki fè dezolasyon. Men lè l rive nan fen an nèt, ki deja detèmine, lakòlè va vide sou sila ki fè dezolasyon an.”


Pèp mwen an mande konsèy a zidòl ki fèt ak bwa yo. Paske yon lespri pwostitisyon te egare yo; yo te enfidèl a Bondye yo a.


跟着我们:

广告


广告