Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 16:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Konsa, Urie, prèt la te bati yon lotèl selon tout sa ke Wa Achaz te voye soti Damas, e konsa Urie, prèt la, te fè li, avan wa Achaz te vini soti Damas.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Se konsa, Ouri gentan bati yon lotèl sou modèl wa Akaz te voye ba li sòti Damas la anvan menm Akaz tounen sòti Damas.

参见章节 复制




2 Wa 16:11
17 交叉引用  

Alò, Wa Achaz te ale kote Damas pou rankontre Tiglath-Piléser, wa Assyrie, e li te wè lotèl ki te Damas la. Konsa, Wa Achaz te voye bay Urie, prèt la, plan lotèl la avèk yon modèl li, selon tout mendèv pa li.


Lè wa a te antre sòti Damas, wa a te wè lotèl la. Alò, wa a te pwoche lotèl la e te fè ofrann sou li.


Lotèl bwonz lan, ki te devan SENYÈ a, li te mennen soti devan kay la, soti nan antre lotèl pa li a, lakay Senyè a e li te mete li sou kote nò lotèl pa li a.


Pou sa, Urie, prèt la, te fè tout bagay selon sa ke Wa Achaz te kòmande a.”


Li te bati lotèl lakay SENYÈ a, sou sila SENYÈ a te di: “Nan Jérusalem, Mwen va mete non Mwen.”


Anplis, li te plase imaj a Astarté ke li te fè a, nan kay ke SENYÈ a te di a David avèk fis li a, Salomon: “Nan kay sila a ak Jérusalem nan, ke Mwen te chwazi soti nan tout tribi Israël yo, Mwen va mete non Mwen jis pou tout tan.


Li te bati lotèl lakay SENYÈ a sou sila yo SENYÈ a te di: “Se non Mwen k ap nan Jérusalem jis pou tout tan an.”


Epi Mwen va pran pou Mwen temwen fidèl pou fè temwayaj, Urie, prèt la ak Zacharie, fis a Bérékia a.


Ni pwofèt ni prèt yo vin pouri nèt. Menm anndan lakay Mwen an, Mwen jwenn mechanste yo”, deklare SENYÈ a.


Prèt li yo te fè vyolans kont lalwa Mwen an, e te pwofane bagay sen Mwen yo. Yo pa t fè okenn separasyon antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, ni yo pa t ansegne distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. Yo kache zye yo devan Saba Mwen yo, e Mwen vin pwofane pami yo.


Pou sa, lè tout pèp yo te tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, tout pèp yo, nasyon yo ak langaj yo te pwostène e te adore imaj an lò ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a.


Pèp Mwen an detwi akoz mank konesans. Akoz ou te rejte konesans, Mwen menm tou, Mwen va rejte ou. Ou p ap ka fè prèt pou Mwen, akoz ou te bliye lalwa Bondye. Konsa, Mwen menm tou, Mwen ap bliye pitit nou yo.


Éphraïm vin oprime, Li vin kraze nan jijman an, akoz li te pran desizyon pou swiv zidòl yo.


Alò, èske koulye a mwen ap chache favè lòm, oubyen Bondye? Oubyen èske m ap fòse fè lòm plezi? Si mwen t ap toujou eseye fè lòm plezi, mwen pa t ap yon sèvitè a Kris la.


跟着我们:

广告


广告