Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 15:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 SENYÈ a te frape wa a pou l te gen yon lalèp jis rive jou ke li te mouri an. Epi li te viv nan yon kay apa pandan fis a wa a, Jotham te nan kay la, e t ap jije pèp peyi a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Senyè a pini wa a pou sa. Li voye yon move maladi po sou li ki rete avè l jouk jou li mouri. Li te rete nan yon kay apa, yo pat kite l gouvènen. Se Jotam, pitit li, ki te chèf nan palè a. Se li menm ki te regle tout zafè nan peyi a.

参见章节 复制




2 Wa 15:5
20 交叉引用  

Konsa, san sa a vin tonbe sou tèt Joab avèk tout lakay papa li. Epi pou ta genyen toujou lakay li yon moun ki gen ekoulman, oswa lalèp, oswa ki oblije mache ak baton, oswa ki tonbe pa nepe, oswa ki manke pen.”


David te renye sou tout Israël. Li te administre lajistis avèk ladwati pou tout pèp li a.


Lè tout Israël te tande koze a jijman sa a ke wa a te lonje bay, yo te krent wa a. Paske yo te wè ke sajès Bondye te nan li pou administre jistis la.


Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”


Nan dezyèm ane a Pékach la, fis a Remalia a, wa Israël la, Jotham, fis a Ozias la, wa Juda a, te devni wa.


Alò, tout lòt zèv a Azaria yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa A Juda yo?


Pou sa, lalèp Naaman an ap kole sou ou avèk desandan ou yo jis pou tout tan.” Konsa, li te kite prezans li kon yon lèp blan tankou lanèj.


Alò, te genyen kat mesye lalèp nan antre pòtay la. Yo te di youn ak lòt: “Poukisa n ap chita la jiskaske nou mouri?


Amatsia, fis pa li a: Azaria, fis pa li a; Jotham, fis pa li a;


Tout sila yo te anwole nan chif zansèt yo nan jou a Jotham yo, wa Juda a ak nan jou Jéroboam yo, wa Israël.


Ki p ap montre patipri a prens yo, ni rich yo kon pi enpòtan ke pòv, paske tout moun se zèv a men Li ke yo ye.


Bay a wa a sajès lajistis Ou, O Bondye, ak ladwati Ou a fis a wa a.


Pawòl SENYÈ a ki te vini a Osée, fis a Béeri a, pandan jou Ozias yo, Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa a Juda a, e nan tan Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la.


Li va rete pa pwòp pandan tout jou ke enfeksyon an dire yo. Li pa pwòp. Li va abite izole pou kont li. Li gen pou rete deyò kan an.


Pawòl SENYÈ a ki te adrese a Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan.


Lè nwaj la te kite tant lan, vwala, Marie te gen lalèp, blan tankou lanèj. Epi lè Aaron te gade, alò, Marie te gen lalèp.


Men SENYÈ a te reponn Moïse: “Si papa li te sèlman krache nan figi li, èske li pa t ap pote wont li pandan sèt jou? Kite li rete fèmen pandan sèt jou deyò kan an. Apre, l ap kapab rantre ankò.”


“Fè atansyon kont enfeksyon lalèp, pou nou swiv avèk dilijans e fè tout sa ke prèt Levit yo te enstwi nou. Jan mwen te kòmande yo a, se konsa nou va fè atansyon pou nou fè.


跟着我们:

广告


广告