Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 12:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Alò, Hazaël, wa Syrie a, te monte goumen kont Gath e te kaptire li. Konsa, Hazaël te mete figi li vè Jérusalem.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Lè sa a, Azayèl, wa peyi Siri a, atake lavil Gat. Li pran l, lèfini li pran mache sou lavil Jerizalèm.

参见章节 复制




2 Wa 12:17
20 交叉引用  

Asa te pran tout ajan avèk lò ki te rete nan trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a e li te livre yo nan men a sèvitè li yo. Epi Wa Asa te voye yo bay Ben-Hadad, fis Thabrimmon an, fis a Hezjon an, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di:


Li va vin rive ke sila ki chape anba nepe Hazaël la, Jéhu va mete l a lanmò e sila ki chape anba nepe a Jéhu a, Élisée va mete l a lanmò.


Nan jou sa yo, SENYÈ a te kòmanse koupe retire li nan peyi Israël la. Hazaël te bat yo toupatou nan teritwa Israël la,


soti nan Jourdain an pou ale vè lès, tout peyi Galaad la, Gadit yo, Ribenit yo ak Manasit yo, soti nan Aroër, ki akote vale Arnon an, menm Galaad avèk Basan.


Akoz sa, lakòlè SENYÈ a te limen kont Israël, e Li te livre yo nan men a Hazaël, wa Syrie a ak nan men a Ben-Hadad, fis a Hazaël la.


Achaz te pran ajan avèk lò ki te twouve lakay SENYÈ a ak nan kès lakay wa a pou te voye yon kado bay wa Assyrie a.


Apre sa, li te vin rive ke David te bat Filisten yo. Li te fè yo soumèt e te pran Gath avèk vil pa li yo nan men a Filisten yo.


epi Beria avèk Schéma, ki te chèf lakay fanmi zansèt pa yo pami moun Ajalon yo, ki te fè moun Gath yo sove ale,


alò, nan ka sa a, koute pawòl SENYÈ a, O retay a Juda yo. Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Si nou, anverite, fikse vizaj nou pou antre an Égypte e pou antre nan rezidans lan,


Li va mete fas li pou vini ak pouvwa a tout wayòm li a. Li va mennen avèk li yon pwopozisyon lapè, ke li va etabli. Li va anplis bay li fi a fanm nan pou detwi wayòm nan. Men li p ap kanpe pou li, ni bay li soutyen.


“‘Ofrann koupabilite a se tankou ofrann peche a, se yon sèl lwa pou yo. Prèt ki fè ekspiyasyon avèk li a va genyen li.


Menm jan an, chak ofrann sereyal ki vin kwit nan fou a ak tout bagay ki prepare nan yon pwalon va rete pou prèt ki prezante li a.


Yo tout vini pou fè vyolans. Nan rega pa yo se an avan. Yo ranmase kaptif tankou sab.


Sila a va pou nou, soti nan don pi sen pase tout lòt yo ki rezève soti nan dife a; tout ofrann pa yo, menm tout ofrann pa yo, tout ofrann sereyal, tout ofrann peche ak tout ofrann koupab ke yo rann ban Mwen yo, yo va sen pase tout lòt yo pou nou ak fis nou yo.


Lè jou yo t ap pwoche pou L te leve, li te pran desizyon nèt pou ale Jérusalem.


Men yo pa t resevwa Li akoz ke Li t ap vwayaje ak figi Li fikse vè Jérusalem.


Konsa, David te leve e te travèse, li menm avèk sis-san òm ki te avè l yo, kote Akisch, fis a Maoc la, wa a Gath la.


跟着我们:

广告


广告