2 Wa 10:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen15 Alò, lè li te kite la, li te rankontre Jonadab, fis a Récab ki te vin rankontre li a. Li te salye li, e te di li: “Èske kè ou bon, jan kè m avèk kè ou a?” Jonadab te reponn: “Li konsa.” Jéhu te di: “Si li konsa, ban mwen men ou.” Epi li te pran li fè l monte nan cha li a. 参见章节1998 Haïtienne15 Jeou pati ankò. Sou wout li, li kontre ak Jonadab, pitit gason Rekab la, ki t'ap mache vin jwenn li. Jeou di l bonjou, epi li di l konsa: — Ou gen menm lide avè m? Eske w'ap mache avè m? Jonadab reponn: — Wi, m'ap mache avè ou. Jeou di li: — Si nou dakò, ban m lanmen. Jonadab ak Jeou bay lanmen. Jeou ede l moute sou cha lagè a bò kote l. 参见章节 |