Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 1:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Konsa, Achazia te mouri selon pawòl SENYÈ a ke Élie te pale a. Epi akoz li pa t gen fis, Joram te devni wa nan plas li nan dezyèm ane a Joram, fis a Josaphat a, wa Juda a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Okozyas mouri vre, jan Senyè a te di l la nan bouch Eli. Okozyas pat gen pitit gason. Se Joram, frè li, ki moute sou fòtèy la nan plas li. Lè sa a, Joram, pitit gason Jozafa a, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen nan peyi Jida.

参见章节 复制




2 Wa 1:17
11 交叉引用  

Bòl farin nan pa t fini, ni boutèy lwil la pa t vid, jan pawòl SENYÈ a te pale pa Élie a.


Yo te lave cha a akote sous dlo Samarie a, e chen yo te niche san li nan kote pwostitiye yo te konn benyen, selon pawòl SENYÈ a te pale a.


Josaphat te gen trann-senk ane lè li te devni wa, e li te renye pandan venn-senk ane Jérusalem. Epi non manman li se te Azuba, fi a Schilchi a.


Achazia, fis a Achab la te devni wa nan plas li.


Alò, tout lòt zèv ke Achazia te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?


Lè li te rive Samarie, li te touye tout moun ki te rete pou Achab Samarie yo, jiskaske li te fin detwi li nèt, selon pawòl SENYÈ a te pale a Élie a.


Alò Joram, fis Achab la te devni Wa sou Israël nan Samarie nan di-zuityèm ane a Josaphat, wa Juda a, e li te renye pandan douzan.


Pou sa, yo te retounen pou te pale li. Konsa, li te di: “Sa se pawòl SENYÈ a, ke Li te pale pa sèvitè li, Élie, Tichbit la. Li te di: ‘Nan teren Jizréel la, chen yo va manje chè Jézabel,


Josaphat, fis li a te devni wa nan plas li, e li te fè pozisyon li sou Israël byen fèm.


Konsa, Moïse, sèvitè Bondye a, te mouri la nan peyi Moab, selon pawòl a SENYÈ a.


跟着我们:

广告


广告