Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Tesalonisyen 3:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Ni nou pa t manje pen a lòt moun san peye pou li, men avèk travay ak difikilte, nou te kontinye travay lajounen kou lannwit pou nou te kab pa vini yon chaj lou pou okenn nan nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Mwen pat kite pèsonn ban m manje pou gremesi. Okontrè, mwen te travay di, mwen te fatige kò mwen anpil, lajounen kou lannwit, pou m pat sou kont nou yonn.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Nou pa t janm aksepte manje manje moun san nou pa peye pou li? Nou travay di lajounen kou lannuit pou nou pa tounen yon fado pou pyès moun.

参见章节 复制




2 Tesalonisyen 3:8
14 交叉引用  

Souple, annou ale nan Jourdain an e chak nan nou pran soti la yon poto epi annou fè yon plas pou pwòp tèt nou kote nou kab rete a.” Li te reponn: “Ale.”


Alò, sa ki te prepare chak jou yo se te yon gwo bèf avèk sis mouton nan meyè kalite, zwazo ki te prepare pou mwen; epi yon fwa chak di jou, tout kalite diven an abondans. Men pou tout sa, mwen pa t mande nan taks prevwa pou gouvènè a, akoz chaj la te lou sou pèp sa a.


Li gade byen tout afè lakay li e li pa manje pen laparès.


Bay nou pou jou sa a pen ke nou bezwen an,


Akoz li te gen menm metye a, li te rete avèk yo, e yo t ap travay, paske se moun ki fè tant yo te ye.


Nou menm nou konnen ke men sa yo te sèvi a pwòp bezwen m yo ak mesye ki te avè m yo.


Konsa, nou redi di nan travay avèk pwòp men nou. Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè nou pèsekite, nou sipòte sa.


Èske nou pa gen dwa pou nou manje ak bwè?


Mwen te nan travay, nan sikonstans difisil, nan anpil nwit san dòmi, nan grangou ak swaf, souvan san manje, nan fredi e san rad.


Lè m te prezan avèk nou nan nesesite, mwen pa t devni yon chaj pou okenn moun; paske lè frè yo te vini sòti Macédoine, yo te satisfè tout bezwen m yo, e nan tout bagay mwen te kenbe tèt mwen pou mwen pa t vin yon chaj pou nou menm, e m va kontinye fè menm bagay la.


Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo.


Paske nou sonje, frè yo travay ak difikilte nou. Jan nou te travay lannwit kou lajounen pou nou pa t yon chaj pou okenn nan nou. Konsa nou te pwoklame a nou menm levanjil a Bondye a.


epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an.


Alò, moun konsa yo, nou kòmande e egzòte nan Senyè a, Jésus Kri, pou yo travay nan yon jan ki kalm pou manje pwòp pen pa yo.


跟着我们:

广告


广告