Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Tesalonisyen 2:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e prezante tèt li kòm Bondye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Mechan an ap kanpe. L'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi ak tout bagay lèzòm konsidere kòm bondye. Mechan an ap fofile toupatou, jouk l'a rive antre nan Tanp Bondye a. L'a chita, l'a fè tèt li pase pou Bondye.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Malfèktè sa a ap leve kanpe pou mete tèt li pi wo pase tout sa moun adore oubyen panse yo dwe adore. Li gen pou l menm antre nan tanp Bondye a, l ap chita sou twòn nan epi l ap pwoklame li se Bondye.

参见章节 复制




2 Tesalonisyen 2:4
13 交叉引用  

Alò, Ejipsyen yo se moun. Se pa Bondye. Cheval yo se chè; se pa lespri. Pou sa, SENYÈ la va lonje men L; sila k ap bay sekou a va glise tonbe. Sila ki resevwa sekou a va tonbe, e yo tout va rive fini ansanm.


“Fis a lòm, pale ak chèf Tyr la: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Akoz kè ou vin leve, e ou te di: ‘Mwen se yon dye, Mwen chita sou chèz Bondye, nan kè lanmè yo’; malgre, ou se yon nonm e ou pa yon dye; sepandan, ou ta fè kè ou tankou kè Bondye—


“‘Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz ou te fè kè ou tankou kè Bondye,


Èske ou va di: ‘Mwen se yon dye’, nan prezans a sila ki te touye ou a? Donk, ou se yon nonm e ou pa Bondye, nan men a sila ki blese ou yo.


“Konsa, wa a va fè sa li pito. Li va vin egzalte. Li va bay tèt li glwa pi wo pase tout dye yo, e li va pale anpil bagay byen move kont Bondye a dye yo. Konsa, li va pwospere jiskaske endiyasyon an fini, paske dekrè ki pibliye a va akonpli.


Li va fè monte tant a palè li a antre lanmè a ak Mòn Sen Laglwa a. Malgre sa, li va rive nan fen li e nanpwen moun k ap bay li soutyen.


Li va pale kont Pi Wo a, li va epwize sen a Sila Ki Pi Wo a, epi li va gen entansyon pou fè chanjman nan tan ak lwa yo. Yo va vin livre nan men li pandan yon tan ak tan yo, ak yon mwatye tan.


“Pandan mwen t ap reflechi sou kòn yo, vwala yon lòt kòn, yon ti piti, te vin leve pami yo, e twa nan premye kòn yo te rache pa rasin yo. Epi vwala, kòn sila a te gen zye tankou zye a moun, e yon bouch ki te eksprime anpil bagay ak gwo awogans.


Paske pandan mwen t ap travèse e t ap egzamine objè adorasyon nou yo, mwen te twouve yon otèl avèk enskripsyon sa a: “A Dye Enkoni an!” Konsa, sila ke nou ap adore san konnen an, mwen pwoklame L a nou.


Paske, menmsi genyen sa ke yo rele dye yo, swa nan syèl la oubyen sou tè a, kòm anverite gen anpil dye ak anpil senyè,


跟着我们:

广告


广告