Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 22:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Ou fè sekou a sila ki aflije yo, men zye Ou rete sou sila ki ògeye yo, pou Ou fè yo bese.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

28 Ou sove moun ki soumèt yo de-van ou. Men, ou annik gade moun ki gen lògèy yo, ou desann yo.

参见章节 复制




2 Samyèl 22:28
23 交叉引用  

“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a; “Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”


O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa gen awogans. Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè, ni nan sa ki twò wo pou mwen.


Paske malgre SENYÈ a egzalte, Li toujou okipe sila ki ba yo. Men moun ki ògeye yo, Li rekonèt yo de lwen.


Mwen konnen ke SENYÈ a va bay soutyen a aflije yo, e fè jistis pou malere a.


Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon, e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.


Koulye a mwen konnen ke SENYÈ a pi gran ke tout dye yo, akoz jan yo te aji nan ògèy kont pèp la.”


Zye ki leve wo ak kè ki plen ògèy; lanp a mechan yo se peche.


Ògèy a lòm va vin imilye e wotè a lòm va vin desann. Se sèl SENYÈ a ki va egzalte nan jou sa a.


Se kilès ou te meprize e blasfeme? Kont kilès ou te leve vwa ou, e kont kilès ou te leve zye ou ak ògèy la? Kont Sila Ki Sen an Israël la!


Pou sa, tout moun yo va imilye e limanite va abese; anplis, zye a ògeye a va vin febli nèt.


Nan tout afliksyon yo, Li te aflije e zanj a prezans Li an te sove yo. Nan lanmou dous Li a ak mizerikòd Li, Li te rachte yo. Li te leve yo, e te pote yo pandan tout ansyen jou yo.


Alò, mwen menm Nebucadnetsar, mwen fè lwanj, egzaltasyon ak lonè a Wa syèl la, paske tout zèv Li yo vrè, chemen Li yo jis e Li kapab imilye sila ki mache ak ògèy yo.


“Beni se sila yo ki malere an espri; paske wayòm syèl la se pou yo.


“Paske tout sila yo ki leve tèt yo va vin desann, e sila yo ki desann tèt yo, va vin leve.”


跟着我们:

广告


广告