Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 2:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Chak te sezi advèsè li nan tèt e te fonse nepe li nan akote advèsè li a; konsa, yo te tonbe atè ansanm. Pou sa, yo te rele plas sa a Helkath-Hatsurim chanm a lam nepe yo ki nan Gabaon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Mesye yo mare goumen. Yonn pran lòt nan tèt epi yonn foure nepe nan kò lòt. Se konsa yo tout tonbe mouri ansanm. Se poutèt sa yo rele kote sa a, ki nan peyi Gabawon an, Tènepe.

参见章节 复制




2 Samyèl 2:16
7 交叉引用  

Abner te di a Joab: “Alò, kite jennonm yo leve fè yon kou batay devan nou la a.” Joab te reponn: “Kite yo leve.”


Konsa, yo te leve travèse ak kontwòl, douz pou Benjamin avèk Isch-Boscheth, fis a Saül yo e douz pou sèvitè a David yo.


Nan jou sa a, batay la te trè sevè e Abner avèk mesye Israël yo te kale devan sèvitè David yo.


Alò, Abner te rele Joab e te di: “Èske epe a va devore tout tan? Èske ou pa konprann ke alafen, sa ap vin anmè? Pou konbyen de tan ou va refize di pèp la sispann kouri dèyè frè yo?”


Chak moun te touye yon nonm pou kont li; epi Siryen yo te sove ale e wa Israël la te kouri dèyè yo e Ben-Hadad, wa Syrie a, te chape sou yon cheval avèk chevalye yo.


Epi sa te vin byen koni pa tout sila ki te rete Jérusalem yo; pou ke nan pwòp lang pa yo, yo te rele chan sa a Hakeldama, ki vle di chan san an.


Teritwa pa yo a se te Helkath, Hali, Béthen, Acschaph,


跟着我们:

广告


广告