Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 16:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Konsa yo te monte yon tant anwo tèt kay la, epi Absalom te antre nan relasyon seksyèl ak tout konkibin papa l yo, devan zye a tout Israël.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 Se konsa yo moute yon tant pou Absalon sou teras do palè a. Epi la, devan je tout moun peyi Izrayèl yo, Absalon kouche tout mètrès papa li yo.

参见章节 复制




2 Samyèl 16:22
11 交叉引用  

Konsa, li te rive ke pandan Israël t ap viv nan peyi a, Reuben te ale kouche avèk Bilha, youn nan fanm a papa li yo, e Israël te tande koze sa a. Alò, te gen douz fis fèt pa Jacob—


Epi lè lannwit te vin rive, David te leve nan kabann li. Li te mache antoure twati kay wa a, soti nan twati a, li te wè yon fanm ki t ap benyen. Epi fanm nan te byen bèl nan aparans li.


Konsa, wa a te sòti avèk tout manm lakay li avèk li. Men wa a te kite dis nan ti mennaj li yo pou pran swen kay la.


David te rive kote lakay li Jérusalem. Epi wa a te pran dis fanm sa yo, ti mennaj ke li te kite pou okipe kay la. Li te mete yo sou siveyans e te bay yo manje, men li pa t antre nan yo. Konsa, yo te rete fèmen jis rive jou ke yo te mouri an e te viv tankou vèv.


Vizaj figi yo fè temwen kont yo, e yo montre tout moun peche yo tankou Sodome. Yo pa menm kache sa a. Malè a yo menm! Paske yo mennen mal la vin tonbe sou yo.


Akoz sa, farinaj lapli te vin sispann e lapli sezon prentan pa t rive. Men fon ou te gen yon fontèn pwostitiye; ou te refize vin wont.


Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te fè yo? Anverite, yo pa t wont. Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila k ap tonbe yo. Nan lè pinisyon pa yo, yo va abese,” di SENYÈ a.


“‘“Paske san fanm nan vèse se nan mitan l. Li te mete l sou wòch vid la. Li pa t vide li atè a, pou kouvri li ak pousyè.


Alò, vwala, youn nan fis Israël yo te vini pou te mennen bay a fanmi li yo yon fanm Madyanit, devan zye Moïse e devan zye a tout kongregasyon fis Israël yo, pandan yo tout t ap kriye devan pòtay tant asanble a.


ki gen pou fen, destriksyon, ki gen pou dye pa yo apeti yo, e ki gen pou glwa yo, wont yo, ki fikse panse yo sou bagay tèrès yo.


跟着我们:

广告


广告