Paske Li te grandi devan nou kon yon boujon vèt, e tankou yon rasin ki sòti nan tè sèk. Li pa gen okenn bèlte nan fòm Li, ni majeste pou nou ta gade sou Li, ni aparans pou nou ta atire a Li.
Gade kijan Senyè a te kouvri fi a Sion an ak yon nwaj nan kòlè li! Li te jete soti nan syèl la, jis rive atè glwa Israël la. Li pa t menm sonje machpye pa L la, nan jou kòlè Li.
Konsa, mwen te nouri bann mouton pou kòche a; soutou, aflije nan bann mouton yo. Mwen te pran pou mwen de baton: youn mwen te rele Gras e lòt la, mwen te rele li Tèt Ansanm. Konsa, mwen te nouri bann mouton an.