Tamar te mete sann yo sou tèt li e te chire manch long yo nan rad sou li a. Li te mete men li sou tèt li, li te sòti e t ap kriye fò pandan li prale a.
Alò, David te di a Joab avèk tout moun ki te avèk li yo: “Chire rad nou e abiye nou an sak pou fè lamantasyon devan Abner.” Epi Wa David te mache dèyè sèkèy la.
Lè wa Israël la te li lèt sa a, li te chire rad li. Li te di: “Èske se Bondye mwen ye, pou m kab touye e fè viv, pou nonm sa ta voye kote mwen pou geri yon mesye ki gen lalèp? Men gade byen kijan l ap chache yon kont avè m.”
akoz kè ou te mou e ou te imilye ou menm devan Bondye lè ou te tande pawòl Li yo kont plas sa a, e kont pèp li a, akoz ou te imilye ou menm devan Mwen, ou te chire vètman ou e ou te kriye devan M, Mwen anverite te tande ou’, deklare SENYÈ a.
Lè Mardochée te vin aprann tout sa ki te fèt yo, li te chire rad li. Li te mete twal sak avèk sann sou li, te ale deyò nan mitan lavil la, e te kriye byen fò anlè avèk amètim.
Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.” Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an, paske Li plen gras ak mizerikòd, lan nan kòlè, plen ak lanmou dous, e konn ralanti nan fè malè.
Josué te chire rad li, e te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a, jis rive nan aswè, ni li menm avèk ansyen a Israël yo. Epi yo te mete pousyè sou tèt yo.