Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Pyè 2:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Men sa yo, tankou bèt san rezon, fèt tankou kreyati ki aji san refleksyon, ki fèt pou kapte e touye, ki mal pale kote yo pa gen konesans, va osi detwi nan destriksyon a kreyati sila yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Mesye sa yo menm, yo tankou bèt ki san konprann, k'ap viv dapre ensten yo epi ki la sou latè pou moun kenbe touye. Yo pale mal sou bagay yo pa konnen, yo gen pou yo peri menm jan ak bèt.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Men fo doktè sa yo, yo di move pawòl sou bagay yo pa konnen. Yo sanble ak zannimo ki pa gen bon konprann, ki pran nan pyèj yo pare pou touye yo. Y ap peri nan pye travay yo.

参见章节 复制




2 Pyè 2:12
17 交叉引用  

Paske li wè ke menm moun saj yo mouri. Sila ki bèt ak sila ki fou yo mouri menm jan. Yo kite byen yo pou lòt yo.


Yon nonm ensanse pa gen konesans, ni yon nonm bèt pa konprann sa:


Veye sa a, nou menm ki ensansib pami pèp la; Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?


Mechan an jete anba pa malfezans li; men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.


Paske bèje yo vin tankou bèt ensanse; yo pa t chache SENYÈ a. Akoz sa, yo pa reyisi; tout bann mouton yo fin gaye.


Men yo tout ansanm se ensanse e plen ak foli; instwi pa zidòl yo——se bwa yo ye!


Men Ou konnen mwen, O SENYÈ. Ou wè mwen. Ou fè egzamen pou wè kè m vè Ou menm. Rale yo akote, tankou mouton k ap prale labatwa; mete yo apa pou jou gwo masak la.


“Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan fè mal, men pou fè sa ki bon, yo pa konnen.”


Alò, mwen te di: “Se sèlman malere ke yo ye. Se ensanse yo ye; yo pa konnen chemen SENYÈ a, ni règleman a Bondye yo.


Mwen va vide kòlè Mwen sou ou. Mwen va soufle sou ou ak dife kòlè Mwen e Mwen va livre ou nan men a lezòm brital yo; sila ak gran kapasite pou detwi.


zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli.


Li te di yo ankò: “M ap prale, e nou va chache M, e va mouri nan peche nou. Kote M ap prale, nou p ap kab vini.”


Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl.


(Ki tout fè referans a bagay ki fèt pou peri pandan y ap sèvi yo)—an akò avèk kòmandman ak enstriksyon a lòm yo?


Paske pa sila yo, Li te bannou pwomès presye e manyifik Li, pouke nan yo, nou ta kapab vin patisipan nan nati sen an, e chape de koripsyon ki nan mond lan pa konvwatiz lachè a.


k ap pwomèt yo libète, pandan yo menm se esklav a koripsyon; paske sa ki domine yon moun, fè l vin esklav.


Men moun sa yo meprize sa ke yo pa menm konprann. Konsa, se pa bagay yo ke yo konnen pa lensten, kon bèt ki pa ka menm rezonen, ke yo vin detwi.


跟着我们:

广告


广告