Konsa, David te di a fis li, Salomon: “Kenbe fèm, pran kouraj e aji pran desizyon. Pa pè, ni dekouraje, paske SENYÈ a, Bondye a, avèk ou. Li p ap fè fayit, ni Li p ap abandone ou jiskaske ke tout lèv pou lakay SENYÈ a fini.
Li te di mwen: ‘Fis ou a, Salomon, se li menm ki va bati kay Mwen an, ak tout lakou li yo; paske Mwen te chwazi Li pou devni yon fis pou Mwen e Mwen va yon papa pou li.
Sepandan, David te gen tan mennen fè monte lach Bondye a soti Kirjath-Jearim nan plas li te prepare pou li. Paske li te fè monte yon tant pou li Jérusalem.
avèk tout ajan ak lò ke ou jwenn nan tout pwovens Babylone yo, ansanm avèk ofrann bòn volonte a pèp la ak prèt yo, ki te ofri avèk bòn volonte pou lakay Bondye pa yo a ki Jérusalem nan.
Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo.