Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 34:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Yo te vin kote Hilkaja, wo prèt la, e yo te livre li lajan ki te pote lakay Bondye a, ke Levit yo, gadyen pòtay yo, te kolekte soti Manassé, Éphraïm, de tout retay Israël yo, e soti nan tout Juda avèk Benjamin ak pèp Jérusalem nan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Mesye yo al jwenn Ilkija, granprèt la. Yo pote ba li tout lajan yo te ranmase nan Tanp lan, lajan moun Levi ki desèvis nan papòt Tanp lan te ranmase nan men moun Efrayim, moun Manase ak lòt moun peyi Izrayèl yo, ansanm ak sa yo te ranmase nan men moun Jida, moun Benjamen ak moun lavil Jerizalèm yo.

参见章节 复制




2 Kwonik 34:9
13 交叉引用  

Konsa, wa a te kòmande Hilkija, wo prèt la e prèt a dezyèm lòd yo avèk gadyen pòtay yo pou mennen fè sòti deyò nan tanp SENYÈ a tout veso ki te fèt pou Baal yo, pou Astarté ak pou tout lame syèl la. Konsa, li te brile yo deyò Jérusalem nan chan Cédron an e li te pote sann yo jis rive Béthel.


Pou sa, mesaje yo te pase soti nan yon vil a yon lòt vil, toupatou nan peyi Éphraïm avèk Manassé, e soti rive Zabulon. Men yo te fè grimas sou yo, yo te giyonnen yo, e moke yo.


Paske yon foul nan pèp la, menm anpil nan Éphraïm avèk Manassé, Issacar ak Zabulon pa t pirifye yo menm, sepandan yo te manje Pak la yon lòt jan ke sa ki te premye etabli a. Paske Ézéchias te priye pou yo e te di: “Ke SENYÈ a kapab padone


Alò, lè tout sa te fini, tout Israël ki te prezan te sòti antre nan vil Juda yo. Yo te kraze pilye Asherim yo an mòso, yo te koupe poto Asherim yo, e te rale fè desann wo plas yo avèk lotèl yo pami tout Juda avèk Benjamin e anplis, nan Éphraïm avèk Manassé, jiskaske yo te detwi yo tout. Epi tout fis Israël yo te retounen nan vil pa yo, yo chak nan posesyon pa yo.


Yo te ba li nan men a ouvriye ki te sipèvize lakay SENYÈ a, epi ouvriye ki t ap travay lakay SENYÈ a te sèvi ak li pou restore e repare kay la.


Anplis, Schaphan, sekretè a te di wa a, “Hilkija, prèt la, te ban mwen yon liv.” Epi Schaphan te li ladann nan, nan prezans a wa a.


Epi wa a te kòmande Hilkija, Achikam, fis a Schaphan nan, Abdon, fis Michée a, Schaphan, sekretè a ak Asaja, sèvitè a wa a e te di:


Konsa, Hilkija avèk sila ke wa a te pale yo te ale kote Hulda, pwofetès la, madanm a Schallum nan, fis a Thokehath la, fis a Hasra a, gadyen vètman yo, (alò, li te rete Jérusalem nan dezyèm katye); epi yo te pale avèk li konsa.


Anplis, ofisye pa li yo te fè kontribisyon a yon ofrann bòn volonte a pèp la, prèt yo avèk Levit yo. Hilkija, Zacharie, avèk Jehiel, chèf lakay Bondye yo, te bay a prèt yo pou Pak la, yon ofrann de-mil-sis-san bèt ki sòti nan bann mouton yo, avèk twa-san towo.


Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.


跟着我们:

广告


广告