Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 32:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Konsa, SENYÈ a te sove Ézéchias avèk moun Jérusalem yo soti nan men a Sanchérib, wa Assyrie a, soti nan men a tout ènmi li yo, e te gide yo tout kote.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 Se konsa Senyè a te delivre Ezekyas ak tout moun lavil Jerizalèm yo anba men Senakerib, wa peyi Lasiri a, ak anba lòt lènmi yo. Li fè yo viv san bri san kont ak tout peyi nan vwazinay yo.

参见章节 复制




2 Kwonik 32:22
16 交叉引用  

Retay ki chape lakay Juda a va ankò pran rasin k ap pouse pa anba pou bay fwi pa anlè.


Konsa, SENYÈ a te voye yon zanj ki te detwi tout gwo gèrye, kòmandan ak chèf nan kan wa Assyrie a. Pou sa, li te retounen nan wont li ale nan pwòp peyi li. Epi lè li te antre nan tanp dye pa li a, kèk nan pwòp pitit pa li yo te touye li la avèk nepe.


Ki konn sove wa yo, ki fè David, sèvitè Li a, chape de nepe lanmò a.


Paske Bondye se Bondye pa nou an jis pou tout tan. Li va gide nou jiska lanmò.


Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen, e apre, resevwa mwen nan laglwa.


Paske SENYÈ a se jij nou. Se SENYÈ a ki bay lwa nou yo. Se SENYÈ a ki wa nou. Se Li menm ki va sove nou.


Epi SENYÈ a va gide ou tout tan, satisfè dezi ou yo kote ki sèch yo, e bay fòs a zo ou yo. Konsa, ou va kon yon jaden byen awoze e tankou yon sous dlo ki p ap janm seche.


Men Mwen va genyen konpasyon pou lakay Juda. Yo va delivre pa SENYÈ Bondye yo, a e yo p ap delivre ni pa banza, ni pa nepe, ni pa batay, pa cheval, ni chevalye.”


Men lè Li, Lespri verite a vini, Li va dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini.


Ke Senyè a dirije kè nou nan lanmou Bondye a, ak nan kenbe fèm nan Kris la.


Konsa SENYÈ a te delivre Israël nan jou sa a e batay la te gaye pi lwen Beth-Aven.


跟着我们:

广告


广告