Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 30:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Paske Ézéchias, wa Juda a, te bay asanble a mil towo ak sèt-mil mouton; epi prens yo te bay yon mil towo ak di-mil mouton. Konsa, yon gran kantite nan prèt yo te konsakre yo menm.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Ezekyas, wa peyi Jida a, te bay mil (1.000) towo bèf ak sètmil (7.000) mouton pou yo bay pèp la manje. Lòt otorite yo menm bò pa yo te bay mil towo bèf ak dimil mouton. Anpil prèt te mete tèt yo nan kondisyon pou sèvis Senyè a.

参见章节 复制




2 Kwonik 30:24
8 交叉引用  

Anplis, li te fè separe bay a tout pèp la, yon gato pen, youn ak fwi dat e youn avèk rezen pou chak moun. Apre, tout pèp la te pati, chak moun nan pwòp kay yo.


Men prèt yo pa t ase e pou sa, yo pa t kapab kòche tout ofrann brile yo. Konsa, frè yo nan Levit yo te ede yo jiskaske travay la te fini, e jiskaske lòt prèt yo te fin konsakre yo menm. Paske Levit yo te pi dedye pou konsakre yo menm pase prèt yo.


Epi yo te touye jèn mouton Pak yo nan katòzyèm jou nan dezyèm mwa a. Konsa, prèt yo avèk Levit yo te vin wont a yo menm, e te konsakre yo menm, e te pote ofrann brile yo lakay SENYÈ a.


Yo fè sa akoz yo pa t ka selebre li nan lè sa a, akoz prèt yo potko konsakre yo menm an kantite ase, ni pèp la potko rasanble Jérusalem.


Se va devwa prens lan pou founi ofrann brile yo, ofrann sereyal yo ak ofrann bwason yo nan fèt yo, nan fèt nouvèl lalin yo, nan Saba yo, nan tout fèt etabli pou lakay Israël yo. Li va founi ofrann peche a, ofrann sereyal la ak ofrann brile a, pou fè ekspiyasyon pou lakay Israël.”


Konsa sa ekri: “Lè Li te monte anlè, Li te mennen kon kaptif, kaptivite a menm, e Li te bay don a lèzòm.”


跟着我们:

广告


广告