Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 30:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Anfen, tout asanble a te deside selebre yon lòt sèt jou ankò, e yo te selebre sèt jou yo avèk kè kontan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Apre sa, tout pèp la tonbe dakò pou yo pase sèt lòt jou ankò ap fè fèt. Se konsa, yo fete pou sèt lòt jou ankò ak kè kontan.

参见章节 复制




2 Kwonik 30:23
5 交叉引用  

Konsa, Salomon te obsève fèt la nan lè sa a, e tout Israël avèk li, yon gran asanble soti nan antre Hamath jis rive nan ti kouran dlo Égypte la, devan SENYÈ a Bondye nou an, pandan sèt jou e avèk sèt jou anplis, katòz jou nèt.


Anplis, Wa Ézéchias avèk ofisye yo te kòmande Levit yo pou chante lwanj a SENYÈ a avèk pawòl a David yo, avèk Asaph, konseye a. Konsa, yo te chante lwanj avèk jwa e te bese ba pou te fè adorasyon.


Paske Ézéchias, wa Juda a, te bay asanble a mil towo ak sèt-mil mouton; epi prens yo te bay yon mil towo ak di-mil mouton. Konsa, yon gran kantite nan prèt yo te konsakre yo menm.


Nan uityèm jou a, yo te kenbe yon asanble solanèl pou obsève dedikasyon lotèl la. Yo te obsève l pou sèt jou, e fèt la pandan sèt jou.


Tout asanble a sila ki te retounen soti an kaptivite yo te fè tonèl yo, e te rete ladann yo. Fis Israël yo, anverite, pa t konn fè sa depi nan jou a Josué yo, fis a Nun nan, jis rive nan jou sa a. Epi te gen gwo rejwisans.


跟着我们:

广告


广告