Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 30:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Paske te gen anpil prèt nan asanble a ki pa t konsakre yo menm. Pou sa, Levit yo te responsab pou touye jèn mouton Pak yo ki te pou tout sila ki pa t pwòp yo, pou yo ta kapab vin konsakre yo a SENYÈ a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Te gen anpil moun ki pat mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. Kifè yo pat kapab touye ti mouton Delivrans pa yo. Konsa, se moun Levi yo ki te fè l pou yo, lèfini ki te mete yo apa nèt pou Senyè a.

参见章节 复制




2 Kwonik 30:17
6 交叉引用  

Men prèt yo pa t ase e pou sa, yo pa t kapab kòche tout ofrann brile yo. Konsa, frè yo nan Levit yo te ede yo jiskaske travay la te fini, e jiskaske lòt prèt yo te fin konsakre yo menm. Paske Levit yo te pi dedye pou konsakre yo menm pase prèt yo.


Nou va kenbe li jis rive nan katòzyèm jou nan menm mwa sa a, e tout asanble kongregasyon Israël la va touye li nan aswè.


Malgre sa, yo va fè sèvis nan sanktiyè Mwen an, pou gen zye sou pòtay kay yo, ak fè sèvis nan kay la. Yo va touye ofrann brile ak sakrifis pou pèp la, e yo va kanpe devan yo pou fè sèvis.


Mesye sa yo te di li: “Malgre nou pa pwòp akoz mò a, poukisa nou anpeche vin prezante ofrann SENYÈ a nan lè apwente pami fis Israël yo?”


Alò, Pak Jwif la te pwòch, epi anpil te kite andwa andeyò yo pou monte nan Jérusalem, pou yo ta kab vin pirifye.


跟着我们:

广告


广告