Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 29:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Alò, nan fen tout ofrann brile yo, wa a avèk tout moun ki te prezan avèk li yo te bese ba pou te fè adorasyon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

29 Lè yo fin boule ofrann yo sou lotèl la, wa a ak tout moun ki te la yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Bondye.

参见章节 复制




2 Kwonik 29:29
10 交叉引用  

Alò, li te vin rive nan twazyèm ane Osée, fis a Éla a, wa Israël la ke Ézéchias, fis Achaz la, wa Juda a, te devni wa a.


Konsa, David te di a tout asanble a: “Koulye a, beni SENYÈ a, Bondye nou an.” Epi tout asanble a te beni SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, e te bese ba devan SENYÈ a e ak wa a.


Josaphat te bese tèt li jis atè, e tout Juda avèk moun Jérusalem yo te tonbe atè devan SENYÈ a, pou adore Li.


Pandan tout asanble a t ap fè adorasyon, chantè yo osi t ap chante e twonpèt yo t ap sone; tout sa te kontinye jiskaske ofrann brile a te fini.


Tout fis Israël yo, lè yo te wè dife a desann, e glwa SENYÈ a sou kay la, yo te bese ba sou pave a avèk figi yo atè pou yo te adore e te bay lwanj a SENYÈ a. Yo te di: “Konsa Li bon, paske lanmou dous Li a dire pou tout tan,”


Konsa, tout wa yo va bese ba devan l, pou tout nasyon yo sèvi li.


Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène. Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.


Adore SENYÈ a nan abiman ki sen. Tranble devan L, tout latè a.


Paske sa ekri: “Jan Mwen vivan an, di Senyè a, tout jenou ap bese devan Mwen, e tout lang ap bay lwanj a Bondye”.


跟着我们:

广告


广告