Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 29:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Alò, yo te antre kote Wa Ézéchias la, e yo te di: “Nou fin netwaye tout kay SENYÈ a, lotèl ofrann brile a avèk tout zouti li yo ak tab pen konsakre a avèk tout zouti li yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Lè yo fini, moun Levi yo ale lakay wa Ezekyas, yo di l: — Monwa, nou fin travay la, nou mete tout kay Senyè a, lotèl pou boule ofrann yo ak tout batri ki mache avè l yo, tab pou pen yo mete apa pou Senyè a ak tout batri pa l yo tou, nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.

参见章节 复制




2 Kwonik 29:18
6 交叉引用  

Chak maten e chak swa, yo brile bay SENYÈ a ofrann brile avèk lansan santi bon, pen konsakre ki sou tab pwòp, e chandelye a avèk lanp li yo pou limen chak swa; paske nou kenbe chaj a SENYÈ a, Bondye nou an, men ou te abandone Li.


Alò, yo te kòmanse fè konsekrasyon an, epi nan premye jou, nan premye mwa a, e nan uityèm jou nan mwa a, yo te rive sou galeri SENYÈ a. Konsa, yo te konsakre lakay SENYÈ a nan ui jou e yo te fini sou sèzyèm jou nan premye mwa a.


Anplis, tout zouti ke Wa Achaz te abandone pandan règn enfidèl li a, nou te fin prepare e konsakre yo. Epi vwala, yo la devan lotèl SENYÈ a.”


Apre, li te fè yon lotèl an bwonz, ven koude nan longè, ven koude nan lajè ak dis koude nan wotè.


Jan li te antre nan kay Bondye a, e te manje pen ki te konsakre ki pa t pèmi pou li ta manje, ni pou sa yo ki te avè l yo, men te sèlman pou prèt yo?


跟着我们:

广告


广告