Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 20:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Konsa, wayòm Josaphat a te gen lapè, paske Bondye li a te ba li repo tout kote.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

30 Se konsa reny Jozafa a pase dous, san bri san kont. Bondye te fè tout peyi ki te nan vwazinay yo viv byen avè l.

参见章节 复制




2 Kwonik 20:30
12 交叉引用  

Alò, li te vin rive ke pandan wa a te rete lakay li a, e SENYÈ a te ba li repo tout kote sou lènmi li yo,


Tout Juda te rejwi akoz sèman an, paske yo te sèmante avèk tout kè yo. Yo te chache Li ak kè onèt yo, e Li te kite yo jwenn Li. Konsa, SENYÈ a te ba yo repo tout kote.


Ou va kouche dòmi e okenn moun pa p deranje ou. Wi, anpil moun va mande favè ou.


Lè L rete an silans, se kilès ki kab kondane L? Epi lè L kache figi Li, alò, se kilès ki kab wè L? Li pli wo ke nasyon, ni lòm,


Ou te fè jijman tande soti nan syèl la. Latè te krent, e te kanpe rete an plas


Lè chemen a yon nonm fè SENYÈ a kontan, l ap fè menm lènmi li yo vin anpè avè l.


Lè ou kouche ou p ap pè; kouche ou ak dòmi ou va byen dous.


“Mwen va osi bay lapè nan peyi a, pou nou kapab kouche san okenn moun pa fè nou tranble. Osi mwen va retire bèt sovaj nan peyi a, e okenn nepe p ap pase nan peyi nou.


Retay Israël la p ap fè okenn inikite, ni yo p ap bay manti, ni yon lang twonpe moun p ap twouve nan bouch yo. Paske yo va manje, e kouche, e pèsòn moun p ap fè yo pè.”


Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.


Alò, li te vin rive apre anpil jou, lè SENYÈ a te bay repo a Israël kont tout lènmi yo nan tout kote, e Josué te vin vye, avanse nan laj,


跟着我们:

广告


广告