Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 20:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, li te vin rive apre sa ke fis Moab yo avèk fis Ammon yo, ansanm avèk kèk nan Maonit yo te vini pou fè lagè kont Josaphat.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Kèk tan apre sa, moun Mowab ak moun Amon mete ansanm ak moun Mawon yo, yo vin atake Jozafa.

参见章节 复制




2 Kwonik 20:1
15 交叉引用  

Sila yo, dechifre pa non te vini nan jou a Ézéchias yo, wa Juda a e te atake tant pa yo e avèk Mawonit ki te rete la yo, te detwi yo nèt jis rive jou sa a pou te rete nan plas pa yo, akoz te gen patiraj pou twoupo pa yo.


Alò, Asa te gen yon lame a twa-san-mil mesye soti nan Juda, avèk gran boukliye defans ak lans e de-san-katreven-mil soti nan Benjamin ki te pote boukliye defans e te manyen banza. Tout nan yo, te gèrye ki plen kouraj.


Kontwole byen, Amaria, chèf prèt la, va chèf sou nou nan tout sa ki apatyen a SENYÈ a, e Zebadia, fis Ismaël la, chèf lakay Juda a, nan tout sa ki apatyen a wa a. Osi, Levit yo va aji kòm ofisye devan nou. Aji avèk kouraj, e SENYÈ a va avèk sila ki fè sa ki jis yo.”


Jéhu, fis a Hanani a, konseye a, te sòti pou rankontre li, e te di a Wa Josaphat: “Èske ou ta dwe ede mechan yo, e renmen sila ki rayi SENYÈ yo, e konsa, kite lakòlè SENYÈ a vini sou ou?


Li te chwazi jij nan peyi a nan tout vil fòtifye Juda yo, vil pa vil.


Alò, gade, fis a Ammon yo avèk Moab avèk Mòn Séir, kilès ou te anpeche Israël pran lè yo te sòti nan peyi Égypte la. Konsa, yo te vire akote e yo pa t detwi yo.


Bondye te ede li kont Filisten yo, e kont Arab ki te rete Gur-Baal yo, avèk Maonit yo.


Apre zak fidelite sila yo, Sanchérib, wa Assyrie a, te vin atake Juda. Li te fè syèj a tout vil fòtifye yo, e li te fè plan pou pouse antre nan yo pou l domine yo pou kont li.


Nou konn tande afè ògèy Moab la, yon ògèy ki depase; afè awogans li an, ògèy li a, ak gwo kòlè li a. Pawòl anfle ògèy li pa anyen.


Alò, li te vin rive nan jou Achaz yo, fis a Jotham la, fis a Ozias la, wa Juda a, ke Retsin, wa Syrie a ak Pékach, fis a Remalia a, wa Israël la, te monte vè Jérusalem pou fè lagè kont li, men yo pa t ka genyen l.


Korije mwen, O SENYÈ, men avèk jistis; pa nan kòlè Ou, sinon Ou va fè m vin pa anyen menm.


Konsènan fis a Ammon yo. Konsa pale SENYÈ a: “Èske Israël pa gen fis? Oswa èske li pa gen eritye? Alò poukisa Malcom te pran posesyon sou Gad, e se pèp li ki vin rete nan vil pa yo?


“Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.


跟着我们:

广告


广告