Konsa, Achazia te mouri selon pawòl SENYÈ a ke Élie te pale a. Epi akoz li pa t gen fis, Joram te devni wa nan plas li nan dezyèm ane a Joram, fis a Josaphat a, wa Juda a.
Alò, sila yo se chèf an tèt yo, mesye gran pwisans ke David te genyen yo, ki te bay li soutyen fò nan wayòm li a, pou fè l vin wa, selon pawòl a SENYÈ a pa Israël.
Konsa, li te pran kouraj, e te rebati tout mi ki te kraze yo e te fè yo monte nan nivo tou li yo. Li te ranfòse lòt miray pa deyò pou te fè Millo lavil David la pi solid, e li te fè zam avèk boukliye defans an gran kantite.
Wa a va fè dèy, prens lan va abiye ak dezespwa, e men a pèp peyi a va pran tranble. Selon kondwit yo, Mwen va aji avèk yo, e selon jijman yo, Mwen va jije yo. Konsa, yo va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a.’”