Alò, yon mesye te sòti Baal-Shalisha, e li te pote pou nonm Bondye a, pen premye fwi yo, ven pen lòj avèk tèt sereyal nèf nan sak li. Epi li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje.”
Nan trann-sizyèm ane règn Asa a, Baasha, wa a Israël la, te vin monte kont Juda, e li te ranfòse Rama pou anpeche ni antre, ni sòti, vè Asa, wa Juda a.
Alò, Ézéchias te voye kote tout Israël avèk Juda, e anplis, li te ekri lèt a Éphraïm avèk Manassé pou yo ta vini lakay SENYÈ a Jérusalem pou selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la.
Akoz nou di: ‘Pwofesi SENYÈ a,’ anverite, konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz nou sèvi pawòl sila a, “pwofesi SENYÈ a,” Mwen ap voye kote nou pou di: “Nou pa pou di ‘Pwofesi SENYÈ a!”’
Si, malgre sa, peyi posesyon nou an pa pwòp, alò, travèse antre nan peyi posesyon SENYÈ a, kote tabènak SENYÈ a kanpe a pou vin pran posesyon pami nou. Sèlman, pa fè rebèl kont SENYÈ a, ni fè rebèl kont nou avèk lotèl ke nou bati pou kont nou an, anplis ke lotèl SENYÈ a, Bondye nou an.