Alò, li te vin rive apre, ke David te fè demand a SENYÈ a, e te di: “Èske Mwen dwe monte nan youn nan vil Juda yo?” Epi SENYÈ a te di li: “Monte!” Konsa David te di: “Se kibò pou m ta monte?” Epi Li te di: “Nan Hébron.”
Filisten yo osi te atake vil nan ba plèn yo avèk Negev nan Juda e te pran Beth-Schémesch, Ajalon, Guedéroth, Soco avèk vil pa li yo, Thimna avèk vil pa li yo e Guimzo avèk vil pa li yo, epi yo te vin abite la.
Lè yo te fin monte Negev, yo te rive Hébron kote Ahiman, Schéschaï ak Talmaï, desandan a Anak yo te ye a. (Alò, Hébron te bati sèt ane avan Tsoan an Égypte.)
Konsa, Josué te pale avèk SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te livre Amoreyen yo devan fis Israël yo. Li te pale devan tout zye a fis Israël yo: “O solèy, kanpe an plas sou Gabaon! Epi lalin nan, rete la, nan vale Ajalon!”
Alò, li te bay a Caleb, fis Jephunné a, yon pòsyon pami fis Juda yo, selon kòmand a SENYÈ a vè Josué. Li te kon rele Kirjath-Arba, apre papa Anak (ki anplis kon rele, Hébron).
Konsa, yo te mete akote Kédesh nan Galilée nan peyi ti kolin yo a Nephtali, Sichem nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Kirjath-Arba (sa vle di, Hébron) nan peyi ti kolin Juda a.