Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 8:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Tankou pou Tite, li se asosye e ouvriye parèy mwen pami nou. Tankou pou frè nou yo, yo se mesaje a legliz yo, yon glwa pou Kris la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Konsa, Tit se yon bon zanmi m k'ap travay ansanm avè m pou nou. Pou lòt frè ki avè l yo, se legliz yo ki voye yo. Se yon lwanj pou Kris la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Kanta pou Tit, se kolaboratè mwen. N ap travay ansanm pou ede w. Kanta lòt frè yo, se reprezantan legliz yo epi y ap travay pou fè lwanj pou Kris la.

参见章节 复制




2 Korent 8:23
20 交叉引用  

Anplis, Jacques avèk Jean, fis Zébédée yo ki te asosye yo avèk Simon te sezi tou. Jésus te reponn Simon: “Pa pè, depi koulye a, se moun n ap kenbe.”


Konsa, yo te fè sign pou moun parèy yo nan lòt kannòt yo vin ede yo. Yo te vini, e te plen tou de kannòt yo jiskaske yo te kòmanse plonje.


“Anverite, anverite, Mwen di nou, yon esklav pa pi gran pase mèt li. Ni yon moun ki voye pa pi gran pase sila ki voye l la.


Paske yon gason pa ta dwe kouvri tèt li akoz ke li se imaj ak glwa a Bondye, men fanm nan se glwa a gason.


Mwen te ankouraje Tite pou ale, e mwen te voye frè a avèk li. Éske Tite te pran okenn avantaj sou nou? Èske nou pa t kondwi tèt nou nan menm lespri a e mache sou menm pa yo?


Men Bondye, ki rekonfòte sila k ap viv nan afliksyon yo, te rekonfòte nou lè Tite te vini an.


Men gras a Bondye ki mete menm zèl la pou nou nan kè Tite la.


Epi nou te voye avèk li frè a ki gen bon repitasyon nan bagay levanjil ki te gaye pami tout legliz yo.


Epi se pa sèlman sa, men li te osi chwazi pa legliz yo pou vwayaje avèk nou nan zèv lagras sila ke n ap administre pou glwa a Senyè a Li menm, e pou montre bòn volonte nou.


Nou te voye avèk yo, frè nou an, ke nou souvan teste, e twouve zèl nan anpil bagay, men koulye a menm pi zele akoz de gran konfyans li nan nou menm.


Donk, nou te ankouraje Tite ke, jan li te kòmanse oparavan an, pou li ta osi konplete nan nou zèv gras sila a.


Men m te panse li te nesesè pou voye Épaphrodite, frè m nan, ouvriye ak sòlda parèy mwen, e osi mesaje pa nou e sèvitè pou sa ke m bezwen.


Vrèman, fidèl kòlèg mwen yo, mwen mande nou osi pou ede fanm sa yo ki te pataje lit mwen an pou koz a levanjil la, ansanm avèk Clément osi ak tout lòt ouvriye parèy a mwen yo ki gen non yo nan liv lavi a.


menm jan ke nou te aprann de Épaphras, sèvitè-atache, byeneme, parèy a nou an, ki se yon sèvitè fidèl an Kris sou pati pa nou,


Men apre nou te deja soufri e maltrete nan Philippes, jan nou konnen an, nou te gen kouraj nan Bondye nou an pou pale levanjil la avèk nou malgre anpil opozisyon.


paske Démas, ki renmen mond prezan sila a, te abandone m, e te ale Thessalonique. Crescens te ale Galatie, Tite te ale Dalmatie.


a Tite vrè pitit mwen nan yon lafwa ke nou pataje ansanm: Lagras ak lapè Bondye, Papa a, ak Kris Jésus, sovè nou an.


Si, konsa, ou gade mwen kòm yon ouvriye parèy ou, aksepte li kòm ou ta aksepte mwen.


tankou Marc, Aristarque, Démas Luc, ouvriye parèy a mwen yo.


Nou dwe bay soutyen a moun tankou sa yo, pou nou kapab ouvriye parèy a yo nan laverite a.


跟着我们:

广告


广告