Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 6:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Mwen va yon Papa pou nou, e nou va fis ak fi pou Mwen,’ di Senyè Tou Pwisan an.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 M'a tankou yon papa pou nou. Nou menm, n'a tankou pitit gason m ak pitit fi mwen. Se Mèt ki gen tout pouvwa a ki di sa.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 “M va yon papa pou ou ou menm, ou va pitit gason ak pitit fi pou mwen, se sa Senyè ki toupisan an di.”

参见章节 复制




2 Korent 6:18
21 交叉引用  

Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di li: “Mwen menm se Bondye Toupwisan an. Mache devan mwen, e rete san fot.


Epi Jacob te di a Joseph: “Bondye Toupwisan an te parèt a mwen nan Luz nan peyi Canaan an e Li te beni mwen.


Mwen va yon papa a li menm e li va yon fis pou Mwen. Lè li fè inikite, Mwen va korije li avèk baton lòm nan, ak kout fwèt a fis a lòm yo.


Mwen va papa li e li va fis Mwen. Mwen p ap retire lanmou dous Mwen sou li, tankou Mwen te retire li sou sila ki te avan ou an.


Jenerasyon yo va sèvi Li. Yo va pale de SENYÈ a a desandan yo k ap vini an.


Mwen va di a nò: ‘Lage yo!’ Epi a sid: ‘Pa anpeche yo!’ Mennen fis Mwen yo soti lwen e fi Mwen yo soti nan dènye pwent latè yo—


“Epi Mwen te di: ‘Kòman Mwen fè lanvi pou plase ou pami fis Mwen yo, e bay ou yon bèl peyi, eritaj ki pi bèl pami nasyon yo!’ Epi Mwen te di: ‘Ou va rele Mwen: “Papa Mwen”, e ou p ap detounen sispann swiv Mwen.’”


“Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “Mwen va vin Bondye a tout fanmi Israël yo, e yo va vin pèp Mwen.”


Ak dlo nan zye, yo va vini. Ak siplikasyon, Mwen va mennen yo; Mwen va fè yo mache akote sous dlo yo, sou yon chemen dwat kote yo p ap tonbe a; paske Mwen se yon Papa pou Israël. Éphraïm se premye ne Mwen.”


Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li,


Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo.


Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè.


Paske nou tout se fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus.


li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li.


“Mwen se Alfa a e Omega a,” di Senyè Bondye a: “Sila ki la, ki te la, e ki va vini an, Toupwisan an.”


Mwen pa t wè tanp ladann, paske Senyè Bondye Toupwisan an ak Jèn Mouton an se te tanp li.


Sila ki venkè a va eritye bagay sa yo. Mwen va Bondye Li e li va fis Mwen.


跟着我们:

广告


广告