Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 5:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Se pou sa, nou toujou gen gwo kouray. Nou konnen toutotan nou nan kò sa a nou lwen Senyè a toujou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Konsa, nou kapab toujou gen konfyans, menm si nou konnen pandan n ap viv nan kò sa a, nou pako nan prezans Senyè a.

参见章节 复制




2 Korent 5:6
15 交叉引用  

Paske nou se vwayajè devan Ou, lokatè, tankou tout zansèt nou yo te ye. Jou nou sou latè a se tankou lonbraj e nanpwen espwa.


Mwen se yon etranje sou latè. Pa kache kòmandman Ou yo de mwen.


Tande lapriyè mwen, O SENYÈ e prete zòrèy Ou a kri mwen. Pa rete an silans lè dlo ap koule nan zye m. Paske mwen se yon etranje devan Ou, yon vwayajè tankou tout papa zansèt mwen yo.


Nan lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans; e pitit li yo va jwenn sekou.


Paske konsa pale Senyè BONDYE a, sèl Sila Ki Sen an Israël la te di: “Nan repantans ak repo, nou va sove. Nan kalm ak konfyans, fòs nou ye.” Men nou pa t vle.


Rabschaké te di yo: “Pale koulye a a Ézéchias; ‘Se konsa gran wa a, wa Assyrie a pale: “Ki konfyans sa ou genyen an?


Paske nou konnen ke si tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la.


Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan lakay nou avèk Senyè a.


Konsa, pa jete konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans.


Tout sila yo te mouri nan lafwa san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a.


Paske isit la, nou pa gen yon vil k ap dire, men n ap chache vil ki gen pou vini an.


Pou sa mwen egzòte ansyen legliz yo pami nou, mwen kòm yon ansyen parèy, yon temwen nan soufrans Kris la, e yon patisipan nan laglwa ki va vin revele a,


Mwen, Jean, frè nou, ki patisipe avèk nou nan tribilasyon, wayòm, ak pèseverans ki nan Jésus a, te sou lil ki rele Patmos la, akoz pawòl a Bondye ak temwayaj de Jésus a.


跟着我们:

广告


广告