Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 3:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Nou menm nan legliz Korent se lèt nou, ki ekri nan kè nou, ki rekonèt e ki li pa tout moun.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Se nou menm, moun Korent, ki lèt rekòmandasyon mwen, yon lèt ki ekri nan kè m pou tout moun ki konn li ka li li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Non, se ou menm ki lèt nou. Se yon lèt ki ekri nan kè nou. Tout moun konnen l, tout moun kapab li l.

参见章节 复制




2 Korent 3:2
9 交叉引用  

Premyèman mwen remèsye Bondye mwen an selon Jésus Kri pou nou tout, ke lafwa nou ap pwoklame toupatou nan lemond.


Selon gras Bondye ki te ban mwen an, kon yon mèt k ap bati byen saj, mwen te poze yon fondasyon. Men konsa, se yon lòt k ap bati sou li. Konsa, fòk chak moun pridan sou jan li bati sou li a.


Poukisa? Paske mwen pa renmen nou? Bondye konnen ke m renmen nou!


Mwen va avèk kè kontan depanse e konsakre m pou nanm nou. Si m renmen nou plis konsa, èske nou dwe renmen m mwens?


Èske n ap kòmanse bay pwòp tèt nou lwanj ankò? Oswa èske nou menm bezwen, tankou kèk lòt moun, lèt rekòmandasyon pou nou menm, oswa petèt ki sòti de nou menm?


Mwen pa pale pou kondane nou, paske Mwen te di avan sa, nou nan kè nou jis nou rive mouri ansanm e viv ansanm.


Paske li vrèman gen rezon ke m santi sa sou pati pa nou. Paske nou nan kè m akoz nou te patisipan depi lè m te nan prizon an, ni lè m t ap defann e konfime levanjil la nou te pataje gras la avè m.


Paske pawòl a Senyè a te deklare soti nan nou menm, non sèlman nan Macédoine ak Achaïe, men osi chak kote ke lafwa nou anvè Bondye te vin konnen, pou nou pa bezwen di anyen.


跟着我们:

广告


广告