Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 11:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Mwen te nan travay, nan sikonstans difisil, nan anpil nwit san dòmi, nan grangou ak swaf, souvan san manje, nan fredi e san rad.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Mwen redi travay di, mwen fatige kò m anpil, mwen pase anpil nwit san dòmi, mwen konnen sa ki rele grangou ak swaf dlo. Anpil fwa mwen te blije rete san manje, mwen soufri fredi, mwen konn pa gen rad pou m mete sou mwen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 Mwen fè travay di epi fatigan. Mwen fè plizyè nuit san dòmi. Mwen te grangou, mwen te swaf. Plizyè fwa mwen pa jwenn manje pou m manje. Mwen santi fredi san m pa gen rad pou m mete.

参见章节 复制




2 Korent 11:27
17 交叉引用  

“Mèt mwen, wa a, mesye sila yo te aji ak mechanste nan tout sa yo te fè Jérémie yo, pwofèt ki te jete nan sitèn nan. Li va mouri kote li ye akoz gwo grangou, paske nanpwen pen ankò nan vil la.”


Men kalite sila a pa sòti sof ke pa lapriyè, avèk jèn.”


Lè yo te fin nome ansyen yo nan chak legliz, priye ak jene, yo te plase yo nan men Senyè a, de Li menm ke yo te vin kwè a.


Konsa, rete vijilan. Byen sonje ke pou yon dire a twa zan, lannwit kon lajounen mwen pa t sispann egzòte nou avèk dlo nan zye m.


Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.


Èske se sèvitè a Kris yo ye? (Mwen pale tankou moun fou) Mwen menm tou, plis nan travay, bokou plis nan pran prizon. Mwen te bat depase mezi, mwen te souvan nan danje lanmò.


nan pran kou, nan pran prizon, nan twoub, nan travay di, nan san dòmi nan grangou


Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen.


Paske nou sonje, frè yo travay ak difikilte nou. Jan nou te travay lannwit kou lajounen pou nou pa t yon chaj pou okenn nan nou. Konsa nou te pwoklame a nou menm levanjil a Bondye a.


Ni nou pa t manje pen a lòt moun san peye pou li, men avèk travay ak difikilte, nou te kontinye travay lajounen kou lannwit pou nou te kab pa vini yon chaj lou pou okenn nan nou.


Yo te lapide ak kout wòch, yo te siye an de bout, yo te pwovoke, e te mete a lanmò avèk nepe. Yo te ale toupatou an po mouton ak po kabrit, san mwayen, aflije, maltrete—


跟着我们:

广告


广告