Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 11:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Ankò mwen di, ke pèsòn pa panse ke mwen fou. Men si nou panse sa, resevwa m menm tankou moun fou, pou mwen tou kapab vante tèt mwen tou piti.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 M'ap repete sa m te di a: Piga pèsonn pran m pou moun fou. Men, si nou pran m pou moun fou, kite m pran pòz moun fou m vre pou m kapab vante tèt mwen yon ti kras tou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 M ap di nou sa ankò: mwen pa vle pèsòn panse m fou. Men si se sa nou panse, enben aksepte m tankou moun fou. Konsa mwen ka vante tèt mwen yon ti kras.

参见章节 复制




2 Korent 11:16
7 交叉引用  

Mwen swete ke nou ta ban mwen pèmisyon pou yon ti foli; men anfèt nou ban mwen l deja.


Men nou menm ki tèlman saj, tolere foli a avèk kè kontan.


Vante tèt pa bon, men malgre ke li pa gen pwofi, kite m rive nan vizyon ak revelasyon Senyè a.


Koulye a, mwen te gen tan vin fou. Nou menm, nou te fòse m fè sa. Anverite, mwen ta dwe felisite pa nou menm, paske nan okenn jan, mwen pa t enferyè de apot pi wo yo, malgre mwen menm, mwen pa anyen.


Paske si mwen vle vante tèt mwen, mwen p ap fè foli; paske se verite m ap pale. Men m ap sispann fè sa pou pèsòn pa fè mwen kredi pou plis ke sa li wè nan mwen oubyen tande de mwen.


Paske si nou vin debòde, se pou Bondye. Epi si nou nan bon sans nou, se pou nou menm.


跟着我们:

广告


广告