Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 10:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Paske se pa sila ki rekòmande tèt li a ki apwouve, men se sila ki rekòmande pa Bondye a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Se konsa wi: Se pa moun k'ap fè lwanj tèt yo ki bon pou travay la, men se moun Senyè a rekòmande ki bon pou travay la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Lè yon moun ap vante tèt li di l bon, sa pa vo anyen. Sa k konte, se sa Bondye li menm, li di sou yon moun.

参见章节 复制




2 Korent 10:18
21 交叉引用  

Yon nonm ap twouve glwa selon entèlijans li; men sila ak panse pèvès la va meprize.


Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li; men SENYÈ a peze kè yo.


Kite yon lòt moun ba ou lwanj, e pa fè ak pwòp bouch ou. Kite l fèt pa yon ou pa konnen, e pa de pwòp lèv ou.


Li te di yo: “Nou menm se sila yo ki jistifye pwòp tèt nou nan zye lèzòm, menBondye konnen kè nou. Paske sila ki gen gwo valè pami lèzòm yo, yo abominab nan zye Bondye.


Paske yo te gen lanvi pou lwanj a lòm olye lwanj Bondye.


“Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an,


Sila ki sèvi Kris konsa a akseptab a Bondye, e apwouve pa lèzòm.


Salye Apellès, ki apwouve nan Kris la; salye sila ki lakay Aristobule yo.


Men yon vrè Jwif se sila ki sikonsi pa anndan. Sikonsizyon an se sa ki fèt nan kè, pa Lespri Sen an, men pa selon lèt lalwa a. Lwanj pa li pa sòti nan lòm, men nan Bondye.


Paske toujou oblije gen divizyon pami nou jis pou sila ki apwouve yo kapab vin parèt klè pami nou.


Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.


Paske nou p ap tante sèvi kouraj nou pou konpare oswa klase nou menm avèk kèk nan sila ki rekòmande tèt yo. Men lè yo mezire tèt yo ak yo menm e konpare tèt yo avèk yo menm, yo san konprann.


Koulye a, n ap priye Bondye pou ou pa fè okenn mal; se pa pou nou kapab parèt kòmsi nou vin apwouve, men pou ou kapab fè sa ki bon, menmsi li sanble nou pa apwouve.


Èske n ap kòmanse bay pwòp tèt nou lwanj ankò? Oswa èske nou menm bezwen, tankou kèk lòt moun, lèt rekòmandasyon pou nou menm, oswa petèt ki sòti de nou menm?


Nou p ap vin pale byen de pwòp tèt nou bannou ankò, men n ap bannou yon okazyon pou vin fyè de nou, pou nou kab gen yon repons a sila ki jwenn fyète nan aparans, men pa nan kè.


Men nan tout bagay pou n ap rekòmande tèt nou kòm sèvitè a Bondye: nananpil andirans, nan afliksyon, difikilte, ak detrès


Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.


pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a.


跟着我们:

广告


广告