Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 9:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Men si ou menm, oswa fis ou yo, anverite, vire kite Mwen e pa kenbe kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen ke M te mete devan nou yo; epi ale sèvi lòt dye pou adore yo,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Men, si ou menm osinon yonn nan pitit ou yo vire do ban mwen, si nou pa fè sa m mande nou fè, si nou pa koute lòd mwen ban nou, si n'al sèvi lòt bondye, si n'al adore lòt bondye,

参见章节 复制




1 Wa 9:6
15 交叉引用  

paske yo pa t obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye pa yo a, men yo te transgrese akò pa Li a, menm tout sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande yo. Yo pa t koute yo, ni fè yo.


Akoz yo te abandone Mwen e te brile lansan a lòt dye yo pou yo ta kab pwovoke Mwen a lakòlè avèk tout zèv men pa yo; pou sa, gran lakòlè Mwen va brile kont plas sa a, e li p ap etenn.”’


“Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.


Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: “Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou.


Si fis li yo abandone lalwa Mwen an, e pa mache nan jijman Mwen yo,


si yo vyole règleman Mwen yo, e pa kenbe kòmandman Mwen yo,


alò Mwen va pini transgresyon yo avèk yon baton, e inikite yo avèk kout fwèt.


Men sa ou va di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Si nou refize koute Mwen, pou mache nan lalwa ke M te mete devan nou an,


Jérusalem te fè gwo peche. Konsa, li te vin yon bagay ki pa pwòp. Tout sila ki te konn louwe l yo, meprize l akoz yo te wè li toutouni. Menm li menm plenn nan gòj, e vire an ayè.


“Mwen regrèt ke M te fè Saül wa, paske li te vire fè bak nan swiv Mwen, e li pa t akonpli lòd Mwen yo.” Konsa, Samuel te vin twouble e li te kriye fò a SENYÈ a pandan tout nwit lan.


Pou sa, SENYÈ a, Bondye Israël la deklare: ‘Mwen te vrèman di ke lakay ou ak lakay zansèt ou yo ta dwe mache devan Mwen pou tou tan.’ Men koulye a SENYÈ a deklare: ‘Ou lwen de sa a — paske sila ki onore Mwen yo, Mwen va onore yo. Men sila ki meprize Mwen yo, Mwen va meprize yo.


跟着我们:

广告


广告