Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 8:58 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

58 pou Li kapab atire kè nou vè Li menm, pou mache nan tout vwa Li yo e pou kenbe kòmandman Li yo avèk règleman Li yo avèk òdonans Li yo, ke Li te kòmande a zansèt nou yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

58 Se pou li fè nou pa janm bliye l pou nou ka toujou fè volonte l nan tout sa n'ap fè, pou nou kenbe lòd, prensip ak kòmandman li te bay zansèt nou yo.

参见章节 复制




1 Wa 8:58
12 交叉引用  

Epi ke pawòl pa m sa yo, avèk sila mwen te fè siplikasyon devan SENYÈ a, kapab toupre SENYÈ a, Bondye pa nou an, lajounen kon lannwit, pou Li kapab bay soutyen a koz pèp Li a, Israël, jan chak jou mande a,


Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte nan jou pouvwa Ou yo. Yo parèt an sentete, soti nan zantray maten an; ak jennes Ou, tankou lawouzaj gran maten an.


Enkline kè m a temwayaj Ou yo, e pa nan ranmase richès malonèt.


Rale m dèyè ou e annou kouri ansanm! Wa a mennen m nan chanm li yo. “Nou va rejwi nan ou e fè kè kontan; nou va leve lanmou ou wo plis pase diven. Ak bon rezon, yo renmen ou konsa.”


“Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a: “Mwen va mete lalwa M anndan yo e sou kè yo Mwen va ekri l; epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.


“Koulye a, O Israël, koute règleman avèk jijman ke mwen ap enstwi nou pou nou fè, pou nou kapab viv. Antre ladann e pran posesyon a peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, ap bannou.


sa yo se temwayaj avèk lwa avèk règleman ke Moïse te pale a fis Israël yo, lè yo te sòti an Égypte,


“Koulye a, sa se kòmandman an, lwa ak jijman ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande mwen pou enstwi nou, pou nou ta kapab fè nan peyi kote nou va travèse pou posede a,


Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.


ekipe nou nan tout bon zèv, pou fè volonte Li, nan travay nan nou sa k ap fè plezi devan zye Li, nan Jésus Kri, a Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.


“Koulye a, pou sa, mete akote dye etranje ki nan mitan nou yo e tounen kè nou vè SENYÈ a, Bondye Israël la.”


跟着我们:

广告


广告