Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 8:38 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

38 nenpòt lapriyè oswa siplikasyon ki fèt pa nenpòt moun, oswa pa tout pèp Israël yo, chak moun ki konnen afliksyon nan pwòp kè pa li, e ki leve men l ouvri vè kay sila a;

参见章节 复制

1998 Haïtienne

38 koute lapriyè y'ap fè nan pye ou. Lè nenpòt moun osinon tout pèp la va lapriyè nan pye ou, lè y'a regrèt sa yo fè a, lè y'a leve men yo nan direksyon Tanp lan pou yo lapriyè ou,

参见章节 复制




1 Wa 8:38
25 交叉引用  

Salomon te kanpe devan lotèl SENYÈ a nan prezans a tout asanble Israël la, e te lonje ouvri men li vè syèl la.


“Si gen gwo grangou nan peyi a, si gen toumant, si gen gwo maladi sou jaden oswa bèt, oswa wouy, epidemi nan youn nan espès krikèt volan yo, si lènmi pa yo fè syèj sou yo nan peyi vil pa yo, nenpòt kalite toumant, nenpòt gwo maladi,


alò, tande nan syèl la, kote Ou abite a, padone, aji e rann a chak moun selon tout chemen yo, kè a sila Ou konnen an, paske se Ou sèl ki konnen kè a tout fis a lòm yo;


nenpòt lapriyè oswa siplikasyon ki fèt pa nenpòt moun, oswa pa tout pèp Ou a, Israël, chak moun ki konnen pwòp soufrans li ak pwòp doulè li e ki vin ouvri men li vè kay sila a,


“Akoz sa a, mwen p ap met fren nan bouch mwen. Mwen va pale nan doulè lespri m; mwen va plenyen nan lespri anmè mwen.


Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? Epi poukisa ou vin twouble anndan mwen? Mete espwa ou nan Bondye, paske m ap louwe Li ankò, O soutyen kè mwen an, e Bondye mwen an.


O Bondye mwen, nanm mwen pèdi espwa anndan mwen. Pou sa, mwen sonje Ou soti nan peyi Jourdain an avèk tèt mòn Hermon yo, soti kanpe nan Mòn Mitsear.


Mwen va di a Bondye, wòch mwen an: “Poukisa Ou te bliye mwen? Poukisa mwen antre nan tristès akoz opresyon lènmi an?”


Rele Mwen nan jou twoub la. Mwen va delivre ou e ou va onore M.”


Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li. Mwen va avèk Li nan tan twoub la. Mwen va delivre li e bay li lonè.


Moïse te di li: “Depi mwen kite vil la, m ap ouvri men m bay SENYÈ a. Tonnè a va sispann, e p ap gen lagrèl ankò, pou ou kapab konnen ke tè a se pou SENYÈ a.


Kè a konnen pwòp amètim ak bonè li; men ak lòt, sa p ap pataje.


Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè, Mwen va kache zye M de nou menm. Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo. Men nou kouvri ak san.


Petèt, SENYÈ Bondye ou a va tande pawòl a Rabschaké, ke mèt li a, wa Assyrie a, te voye pou repwoche Bondye vivan an, e li va repwoche pawòl ke SENYÈ a, Bondye ou a, te tande yo. Pou sa, leve lapriyè yo pou retay ki la toujou yo.’”


Kite prèt yo, sèvitè SENYÈ yo, kriye antre galri a ak lotèl la, kite yo di: “Epagne pèp Ou a, O SENYÈ! Pa fè eritaj Ou a vin yon repwòch, yon vye mò pami nasyon yo. Poukisa nasyon yo ta dwe di: “Kote Bondye Yo a ye?”


Si lalèp la vin gaye plis sou po a, e lalèp la kouvri tout po de sila ki gen enfeksyon an soti nan tèt li, jis rive nan pye li, toupatou kote prèt la kab wè,


Konsa, mwen te di: ‘Mwen te vin chase lwen fas ou. Malgre sa, mwen va gade ankò vè tanp sen Ou an.’


Moun mizerab ke mwen ye! Ki moun k ap libere m soti nan kò lanmò sa a?


Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye.


跟着我们:

广告


广告