Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 8:37 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

37 “Si gen gwo grangou nan peyi a, si gen toumant, si gen gwo maladi sou jaden oswa bèt, oswa wouy, epidemi nan youn nan espès krikèt volan yo, si lènmi pa yo fè syèj sou yo nan peyi vil pa yo, nenpòt kalite toumant, nenpòt gwo maladi,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

37 Lè va gen grangou nan peyi a, osinon lè move maladi lapès va tonbe sou li, lè plant yo va cheche nan van cho, lè krikèt ak chwal bondye va ravaje jaden yo, lè lènmi va sènen lavil nou yo pou atake pèp la, lè nenpòt maladi osinon nenpòt malè va tonbe sou pèp la,

参见章节 复制




1 Wa 8:37
20 交叉引用  

nenpòt lapriyè oswa siplikasyon ki fèt pa nenpòt moun, oswa pa tout pèp Israël yo, chak moun ki konnen afliksyon nan pwòp kè pa li, e ki leve men l ouvri vè kay sila a;


oswa, twazan gwo grangou, oswa twa mwa ke ou va chase kraze nèt pa lènmi ou, pandan nepe pa yo ap pran ou nèt, oswa gwo epidemi nan peyi a avèk zanj SENYÈ a k ap detwi toupatou nan tout teritwa Israël la.’ Pou sa, reflechi sou repons ke mwen va retounen bay a Sila ki te voye mwen an.”


‘Si mechanste ta vini sou nou, nepe, oswa jijman, oswa epidemi, oswa gwo grangou, nou va kanpe devan kay sila a e devan Ou menm, (paske non pa Ou sou kay sa a) pou kriye a Ou menm nan twoub nou yo, ke Ou va tande pou delivre nou.’


Li te bay chan rekòlt a chwalbwa a, ak pwodwi travay yo a krikèt la.


Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a, ak ravaj gwo maladi yo.


Alò, nan lè sa a, lame a wa Babylone nan t ap fè syèj sou Jérusalem, e Jérémie, pwofèt la, te fèmen nan lakou gad ki te lakay wa a Juda a.


Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Konbyen ankò lè Mwen voye kat gwo jijman Mwen yo kont Jérusalem: nepe, gwo grangou, bèt sovaj ak epidemi pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li!


anretou, men kisa Mwen va fè nou: Mwen va apwente sou nou sibitman yon gwo twoub, yon maladi epwizan avèk lafyèv ki va gate zye nou, e fè nanm nan chagren. Konsa, nou va simen grenn nou yo san reyisi, paske se lènmi nou yo ki va manje li.


Tout zèv ki te fèt ak men nou yo, Mwen te frape ak destriksyon, lakanni, ak lagrèl. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,’ deklare SENYÈ a.


“SENYÈ a va lakoz ke nou vin bat devan lènmi nou yo. Nou va sòti yon direksyon kont yo e nou va sove ale nan sèt direksyon devan yo. Konsa, nou va jete ale retou pami tout wayòm latè yo.


跟着我们:

广告


广告