Te gen fenèt ki fèt ak gri ki te vizavi a chanm gad yo, nan pozisyon akote pilye yo ak pòtay ki te antoure yo a, e menm jan pou galri yo. Epi te gen fenèt toutozanviwon pa anndan. Epi sou chak pilye akote yo, te gen dekorasyon pye palmis.
Fenèt li yo, galri li yo ak dekorasyon pye palmis li yo te gen menm mezi ak pòtay ki te bay fas vè lès la. Epi li te vin jwenn pa sèt mach eskalye yo, e galri li te devan yo.
Chanm gad li yo tou, pilye akote li yo ak galri li yo tout selon menm mezi yo. Epi te gen fenèt nan li ak galri yo ki te antoure l toupatou. Li te senkant koude nan longè e venn-senk koude nan lajè.
Chanm gad li yo tou, pilye akote li yo ak galri li yo te selon menm mezi sa yo. Pòtay ak galri li yo te gen fenèt toutotou. Li te senkant koude nan longè e venn-senk koude nan lajè.