Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 7:39 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

39 Li te poze baz yo, senk sou kote dwat a kay la e senk sou kote goch a kay la. Li te poze lanmè an metal fonn nan sou kote dwat a kay la vè lès la, vè sid.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

39 Li mete senk kabwa sou bò sid Tanp lan, lòt senk yo sou bò nò. Gwo basin kwiv la menm, li mete l sou bò dwat Tanp lan nan kwen sidès la.

参见章节 复制




1 Wa 7:39
6 交叉引用  

Li te fè dis basen yo an bwonz, yon basen te kenbe karant bat 880 lit; chak basen te kat koude e nan chak nan dis baz yo, te gen yon basen.


Alò Hiram te fè basen sa yo, ansanm ak pèl ak bòl yo. Konsa, Hiram te fin fè tout èv ke li te fè pou Salomon lakay SENYÈ a:


Li te pozisyone lanmè a sou kote dwat kay la vè sidès.


Anplis, li te fè dis basen kote pou lave e li te pozisyone senk sou kote dwat la e senk sou kote goch la pou lave bagay pou ofrann brile yo. Men lanmè a te pou prèt yo ta kab lave ladann.


Li te fè dis chandelye an lò selon òdonans ki te etabli yo e li te plase yo nan tanp lan, senk sou bò dwat la e senk sou bò goch la.


Konsa, tout travay ke Salomon te acheve pou kay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te mennen fè antre tout bagay ke David, papa li, te dedye yo, menm ajan avèk lò a, tout zouti yo e li te mete yo nan trezò lakay Bondye a.


跟着我们:

广告


广告