Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 7:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Anplis, li te fè dis baz yo an bwonz. Longè a chak baz te kat koude, lajè li se te kat koude e wotè li se te twa koude.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Iram te fè tou dis kabwa an kwiv. Yo chak te gen sis pye longè, sis pye lajè ak kat pye edmi wotè.

参见章节 复制




1 Wa 7:27
10 交叉引用  

Gwosè li te mezi a yon pla men pwès e arebò li te fèt tankou arebò a yon tas, tankou yon flè lis. Li te kab kenbe kantite volim a de mil bat.


Sila a se te desen a baz yo: yo te gen arebò, menm arebò antre ankadreman travès yo.


Li te fè dis basen yo an bwonz, yon basen te kenbe karant bat 880 lit; chak basen te kat koude e nan chak nan dis baz yo, te gen yon basen.


Alò, Wa Achaz te koupe retire arebò a baz yo e li te retire basen lave a sou yo. Li te osi desann lanmè a soti sou bèf bwonz ki te anba li yo, e li te mete li sou yon pave an wòch.


Alò, pilye an bwonz ki te lakay SENYÈ yo ak baz avèk lanmè an bwonz ki te lakay SENYÈ a, Kaldeyen yo te kase yo an mòso e te pote bwonz lan Babylone.


De pilye yo, yon sèl lanmè a ak baz ke Salomon te fè pou lakay SENYÈ a, bwonz nan veso sila yo te depase kapasite pou peze.


Anplis, li te fè baz ak basen sou baz yo,


Paske se konsa pale SENYÈ dèzame yo konsènan pilye yo, konsènan lanmè a, konsènan baz yo e konsènan tout lòt veso ki rete nan vil sa a,


Alò, pilye an bwonz, ki te apatyen a lakay SENYÈ a, baz yo, ak gwo lanmè an bwonz ki te lakay SENYÈ a, Kaldeyen yo te kraze yo an mòso e te pote tout bwonz yo Babylone.


De pilye yo, sèl lanmè a, douz towo an bwonz ki te anba lanmè a, ak baz yo, ke Wa Salomon te fè pou lakay SENYÈ a——bwonz nan tout veso sa yo te depase kontwòl nan pwa.


跟着我们:

广告


广告