Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 7:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Gwosè li te mezi a yon pla men pwès e arebò li te fèt tankou arebò a yon tas, tankou yon flè lis. Li te kab kenbe kantite volim a de mil bat.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Rebò basin lan te gen twa pous epesè. Rebò a te tankou rebò yon tas, li fè yon ti vire sou deyò tankou yon flè. Basin lan te ka kenbe dimil galon konsa.

参见章节 复制




1 Wa 7:26
12 交叉引用  

Te gen bwa sèd sou kay la anndan, taye nan fòm a kalbas avèk flè ki louvri nèt. Tout te fèt an sèd. Pa t gen wòch ki te vizib.


Konsa, li te fè de pòt avèk bwa doliv la e li te grave sou yo cheriben grave yo, pye palmis yo, avèk flè louvri yo. Li te kouvri yo avèk lò. Epi li te gaye lò a sou cheriben yo avèk pye palmis yo.


Li te grave sou li cheriben yo, pye palmis ak flè louvri yo; epi li te kouvri yo avèk lò aplike nan menm fòs toupatou.


Tèt kouvèti ki te sou tèt pilye nan galeri yo te fèt ak desen flè lis, nan lajè kat koude.


Lanmè a te kanpe sou douz bèf, twa avèk fas vè nò, twa avèk fas vè lwès, twa avèk fas vè sid e twa avèk fas vè lès. Li te poze sou yo e tout pati dèyè yo te vè anndan.


Anplis, li te fè dis baz yo an bwonz. Longè a chak baz te kat koude, lajè li se te kat koude e wotè li se te twa koude.


Li te fè dis basen yo an bwonz, yon basen te kenbe karant bat 880 lit; chak basen te kat koude e nan chak nan dis baz yo, te gen yon basen.


Li te gen episè a yon men ouvri, epi rebò li te fèt tankou sila a yon tas, tankou yon flè lis k ap ouvri. Li te resevwa e te kenbe volim a twa-mil bat.


Ou va fè yon rebò lajè kat dwat pou antoure li, e ou va fè yon bòdi pou rebò ki antoure li a.


Epi pou pilye yo, wotè a chak pilye te diz-uit koude, li te mezire douz koude sikonferans lan, kat dwat nan epesè e vid nan mitan.


Mezi efa a ak bat la va gen menm fòs, jiskaske yon mezi bat, gen yon dizyèm omè e yon mezi efa gen yon dizyèm omè; se selon omè yo va regle.


Epi pòsyon lwil la jan li etabli a; yon dizyèm bat soti nan chak kò, (kò a tankou omè a, gen 10 bat).


跟着我们:

广告


广告