13 Alò, Wa Salomon te voye mennen Hiram soti Tyr.
13 Wa Salomon voye chache yon bòs ki te rele Iram tou. Se te yon moun lavil Tir.
Alò Hiram te fè basen sa yo, ansanm ak pèl ak bòl yo. Konsa, Hiram te fin fè tout èv ke li te fè pou Salomon lakay SENYÈ a:
Men se kilès ki kab bati yon kay pou Li, paske syèl yo avèk pi wo syèl yo pa kab kenbe Li? Pou sa, se kilès mwen ye, pou mwen ta dwe bati yon kay pou Li, sof ke pou brile lansan devan L.
Anplis, Huram te fè bokit sann yo, pèl ak bòl yo. Konsa, Huram te fin fè travay ke li te fè pou Salomon lakay Bondye a:
Mwen te ranpli li avèk Lespri Bondye nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo,