Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 5:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Lè Hiram te tande pawòl a Salomon yo, li te rejwi anpil. Li te di: “Beni se SENYÈ a nan jou sila a, ki te bay a David yon fis ki saj sou gran pèp sa a.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Lè Iram resevwa mesay Salomon an, sa te fè l plezi anpil. Li di: — Lwanj jòdi a pou Senyè a ki bay David yon pitit gason ak bon konprann konsa pou gouvènen sou gwo pèp sa a!

参见章节 复制




1 Wa 5:7
17 交叉引用  

Li te leve zye li pou wè fanm yo, e li te di: “Se kilès? Sila yo ki avèk ou la a?” Epi Jacob te di: “Pitit ke Bondye nan gras li te bay sèvitè ou.”


Wa a osi te di konsa: ‘Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pèmèt yon moun vin chita sou twòn mwen an jodi a pandan pwòp zye m toujou wè.’”


Beni se SENYÈ a, Bondye ou a, ki te pran plezi nan ou pou mete ou sou twòn Israël la. Akoz SENYÈ a te renmen Israël pou tout tan, se pou sa Li te fè ou wa, pou fè lajistis avèk ladwati.”


Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”


Salomon te gen douz depite sou tout Israël, ki te fè pwovizyon pou wa a avèk lakay li. Chak mesye yo te oblije bay pwovizyon yo pou yon mwa chak ane.


Alò, pou sa, bay lòd pou yo koupe pou mwen sèd Liban e sèvitè mwen yo va la avèk sèvitè pa ou yo, epi mwen va ba ou salè pou sèvitè ou yo selon tout sa ke ou di. Paske ou konnen ke nanpwen pami nou ki konprann kijan pou koupe bwa tankou Sidonyen yo.”


Konsa, Hiram te voye kote Salomon e te di: “Mwen te tande sa ke ou voye di mwen an. Mwen va fè sa ke ou vle de bwa sèd avèk pichpen an.


Ke lang mwen kole rèd anlè bouch mwen, Si m pa ta sonje ou, si m pa ta leve Jérusalem wo, pi wo ke pi gwo plezi m yo.


Pwovèb a Salomon yo. Yon fis ki saj fè papa li kontan, men yon fis ki plen ak foli se yon gwo doulè pou manman l.


Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l, men yon mokè pa koute repwòch.


Yon fis ki saj fè papa l kontan; men yon gason ensanse meprize manman l.


Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil, e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.


Gade byen, mwen menm ak pitit ke SENYÈ a te ban mwen yo se pou sign ak mèvèy an Israël ki sòti depi nan SENYÈ Dèzame yo, ki demere sou Mòn Sion.


Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a.


跟着我们:

广告


广告