Lizyè a te vire soti nan Baala vè lwès pou rive nan Mòn Séir, li te kontinye pou rive nan pant Mòn Jearim nan nò (sa vle di Kesalon). Li te desann nan Beth-Schémesch e li te pase nan Timnah.
Epi vach yo te pran wout dwat nan direksyon Beth-Schémesch. Yo te fè wout nan gran chemen an. Yo te rele fò pandan yo nan wout la, e yo pa t vire akote ni adwat, ni agoch. Prens Filisten yo te swiv yo jis rive nan lizyè Beth-Schémesch la.
Veye, si li monte pa chemen Béth-Schémesch. Konsa n a konnen se Li menm ki fè nou gwo malè sila a. Men si se pa konsa; alò, nou va konnen ke se pa men Li menm ki te frape nou an, men sa te vin rive pa aza.”