Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 4:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Konsa, Juda avèk Israël te viv ansekirite, chak moun anba chan rezen pa yo avèk pye fig etranje pa yo, soti nan Dan jis rive nan Beer-Schéba, pandan tout jou a Salomon yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Pandan tout reny Salomon jouk li mouri, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo t'ap viv ak kè poze, san danje ni malè, chak fanmi nan lakou yo ak ti jaden rezen yo anba pye fig frans yo.

参见章节 复制




1 Wa 4:25
14 交叉引用  

Men konsèy pa m se ke tout Israël vin, anverite, rasanble bò kote ou, soti nan Dan jis rive nan Beer-Schéba, tankou sab bò lanmè an gran kantite, e ke ou menm, pèsonèlman antre nan batay la.


Konsa, SENYÈ a te voye yon epidemi sou Israël jis rive nan maten nan lè chwazi a e swasann-di-mil moun nan pèp la soti Dan jis rive Beer-Schéba te mouri.


Pa koute Ézéchias.’ Paske konsa pale wa Assyrie a: ‘Fè lapè nou avèk mwen e sòti vin kote mwen. Manje nou chak nan pwòp chan rezen pa nou, nou chak pye fig mi etranje pa nou e nou chak nan pwòp dlo sitèn pa nou,


Men gade byen, youn fis ki va ne a ou menm yo, va yon moun lapè. Konsa, Mwen va bay li repo soti nan tout lènmi li yo nan tout kote. Paske non li va Salomon e mwen va bay lapè avèk kalm an Israël nan jou pa li yo.


Pa koute Ézéchias, paske konsa pale wa Assyrie a: ‘Fè lapè ak mwen, vin jwenn mwen, chak moun va manje nan pwòp chan rezen pa li, chak moun nan pwòp pye fig pa li, e chak moun va bwè dlo nan pwòp sitèn pa li,


Vyolans p ap tande ankò nan peyi ou, ni devastasyon oswa destriksyon anndan lizyè ou; men ou va rele miray ou yo: “Sali” e pòtay ou yo: “Lwanj”.


Konsa ou va di: ‘Mwen va monte kont peyi a ak vil san miray yo. Mwen va ale kont sila ki an repo yo, ki viv ansekirite yo, yo tout k ap viv san miray yo, san fè fòje ni pòtay yo,


Yo va bliye wont yo ak tout trèt yo te konn fè kont Mwen yo, lè y ap viv ansekirite nan pwòp peyi pa yo, lè okenn p ap fè yo pè.


Men yo va fè chak moun chita anba chan rezen pa yo, ak anba pye fig pa yo. Pèsòn p ap fè yo pè: paske bouch SENYÈ dèzame yo fin pale sa.


Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: ‘nou chak va envite vwazen nou yo pou vin chita anba pye rezen an ak anba pye fig pa nou.’”


Konsa, tout fis Israël yo depi Dan jis rive Beer-Schéba, menm avèk peyi Galaad la te sòti e kongregasyon an te rasanble kòm yon sèl òm a SENYÈ a nan Mitspa.


Tout Israël soti nan Dan jis rive menm Beer-Schéba te konnen ke Samuel te konfime kòm yon pwofèt a SENYÈ a.


跟着我们:

广告


广告